51
Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone
e kont moun k ap viv Chaldée yo,
Jr 4:11-12lespri a yon van kap detwi.
Mwen va voye etranje yo Babylone
pou yo ka És 41:16vannen l,
pou yo kapab devaste peyi li a;
paske tout kote nan jou gwo malè li a,
yo va kontra li toupatou.
Kontra sila a ki Jr 50:14-29koube a,
kite achè koube banza li.
Kontra sila a ki leve nan pwotèj li yo,
pa kite jennonm li yo chape!
Touye tout lame li nèt!
Yo va tonbe atè mouri nan peyi Kaldeyen yo,
És 13:5frennen nèt, kouche nan lari yo.
Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li,
SENYÈ dèzame yo;
sepandan, peyi yo Os 4:1-2plen koupabilite devan
Sila Ki Sen an Israël la.
 
Jr 50:8-28“Sove ale soti nan mitan Babylone!
Nou chak sove lavi nou!
Pa vin koupe retire nan inikite l,
paske sa se lè vanjans SENYÈ a.
Li va rann rekonpans bay li.
Babylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a,
ki te fè tout mond lan vin sou.
Nasyon yo te bwè nan diven li an;
akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.
Sibitman, És 21:9Babylone vin tonbe e kraze nèt;
rele anmwey sou li!
Pote pomad pou doulè li.
Petèt li ka geri.
 
“Nou te pito gerizon pou Babylone,
men li pa t geri.
Abandone l.
Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou;
paske jijman li an Éz 9:6fin rive nan syèl la,
e leve wo rive jis nan syèl yo.
10 ‘SENYÈ a te Sòm 37:6mennen ladwati nou an.
Vini, annou rakonte depi nan Sion
zèv a SENYÈ a, Bondye nou an!’
 
11  Jr 46:4-9“File flèch, plen fouwo yo!
Kenbe pwotèj yo djanm!
SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie,
paske volonte L kont Babylone, pou detwi li.
Paske se vanjans SENYÈ a,
vanjans pou tanp Li an.
12 Leve yon sinyal kont miray Babylone yo!
Plase yon gad byen fò!
 
Pozisyone santinèl yo,
mete gason an anbiskad.
Paske SENYÈ a pa t sèlman Jr 4:28fè plan,
men te acheve objektif sa Li te pale
konsènan sila ki rete Babylone yo.
13 O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo,
plen ak richès yo,
dènye lè nou an gen tan rive,
mezi És 57:17gwo lanvi nou.
14 SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li.
Li te di:
‘Anverite, mwen va plen nou ak moun
kon yon gwo foul krikèt volan
e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’
 
15 “Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a,
ki te etabli lemonn ak sajès Li,
e ak bon konprann Li, te Job 9:8etabli syèl yo.
16  Job 37:2-6vwa L sone,
yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo,
e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo.
Li fè loray pou lapli,
e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.
 
17 “Tout lòm gen tan fè bèt, san okenn konesans;
tout òfèv yo fè wont akoz imaj fonn yo,
paske imaj fonn yo se yon desepsyon
e nanpwen souf nan yo.
18 Yo Jr 18:15san valè, yon zèv pou moke moun;
nan tan pinisyon yo, yo va peri.
19  Sòm 73:26Pòsyon Jacob pa tankou sa yo;
paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm
e selon tribi eritaj Li a,
SENYÈ dèzame yo se non L.
 
20 “Li di: “Ou se baton lagè M ak zam lagè M yo;
epi avèk ou, Mwen kraze nasyon yo.
Avèk ou, Mwen detwi wayòm yo.
21 Avèk ou, Mwen Egz 15:1kraze cheval la
ak sila ki monte sou li.
Avèk ou, mwen kraze cha lagè a,
ak sila ki monte ladann nan.
22 Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm.
Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.
23 Avèk ou, Mwen kraze bèje a ak bann mouton li an.
Avèk ou, Mwen kraze kiltivatè a ak bèf cha li yo
Avèk ou, Mwen kraze majistra yo ak prefè yo.
24 “Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou Jr 50:15-29tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.
25 “Gade byen, Jr 50:31Mwen kont ou O mòn k ap detwi,
ki detwi tout tè a,” deklare SENYÈ a:
“Mwen va lonje men M kont ou,
fè ou woule desann soti nan kwen falèz byen wo yo
e Mwen va fè ou vin yon mòn ki fin brile nèt.
26 Yo p ap pran nan men ou,
menm yon wòch pou fè kwen,
ni yon wòch pou fondasyon yo,
men ou va És 13:19-22dezole jis pou tout tan,” deklare SENYÈ a.
 
27 “Leve yon sinyal nan peyi a,
soufle yon twonpèt pami nasyon yo!
Konsakre nasyon yo kont li!
Rele kont li wayòm Jen 8:4Ararat, Minni ak Aschkenaz yo!
Chwazi yon gwo chèf kont li;
leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.
28 Konsakre nasyon yo kont li,
Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo,
ak tout peyi ke yo konn domine yo.
29  Jr 8:16Peyi a ta tranble e tòde;
paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe,
pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.
30 Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen;
yo rete nan sitadèl fòtifye yo.
Fòs yo fin epwize nèt.
Yo vin tankou fanm.
Lakay yo pran dife.
Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.
31  II Kwo 30:6Youn kouri rankontre yon lòt;
yon mesaje rankontre yon lòt,
pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire,
soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.
32 Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou.
Yo te brile marekaj yo ak dife,
e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”
33 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:
“Fi Babylone nan tankou yon És 21:10glasi vannen.
Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan,
sezon rekòlt la rive sou li.”
 
34 “Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen.
Li te kraze mwen.
Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid.
Tankou yon dragon, li te Job 20:15vale mwen.
Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo.
Li te lave mwen ale nèt.
35 Ke Sòm 137:8vyolans anvè mwen an,
e anvè chè mwen an,
kapab tonbe sou Babylone.”
Pèp Sion an va di:
“Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”,
Jérusalem va di.
 
36 “Akoz sa”, pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen va Sòm 140:12plede ka ou,
e egzije vanjans nèt pou ou.
Mwen va seche lanmè li,
e fè sous li yo vin sèch.
37  Rev 18:2Babylone va devni yon gwo pil ranblè,
yon kay pou chen mawon,
yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv,
san gen moun ki rete ladann.
38 Yo va gwonde ansanm kon Jr 2:15jenn lyon,
yo va gwonde kon pitit a lyon.
39 Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo,
e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e Sòm 76:5dòmi nèt,
pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.
 
40 “Mwen va bese yo tankou jenn mouton Jr 48:15nan labatwa,
kon belye ansanm ak mal kabrit.
 
41 “Gade kijan Jr 25:26Schéschac fin kaptire!
Kijan glwa a tout tè a vin pran!
Gade kijan Babylone devni yon objè degoutan pami nasyon yo!
42  És 8:7-8Lanmè fin monte sou Babylone;
li te anvayi pa move vag li yo.
43 Vil li yo te devni yon objè degoutan e lèd,
yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kote
És 13:20moun pa viv
e pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.
44 Mwen va pini Bel nan Babylone
e Mwen va fè sa li te vale a Éz 1:7-8sòti nan bouch li.
Nasyon yo p ap kouri ankò kote li.
Menm miray Babylone nan va tonbe!
 
45  És 48:20“Sòti nan mitan li, pèp Mwen an
e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.
46 Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè II Wa 19:7rapò
k ap tande nan tout peyi a,
paske rapò a va rive nan yon ane,
e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane,
gen vyolans nan peyi a,
e yon wa kont yon lòt wa.
47 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini
És 21:9zidòl taye a Babylone yo.
Konsa, tout peyi li a va vin wont,
e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.
48 Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va
rele fò ak jwa sou Babylone;
paske Jr 50:3destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.
 
49 “Anverite, Babylone gen pou tonbe
pou sila ki te touye an Israël yo.
Menm jan pou Babylone an,
Rev 18:24moun de tout peyi a va tonbe.
50 Nou menm ki te chape anba nepe yo, sòti!
Pa rete menm!
Det 4:29-31Sonje SENYÈ a de lwen;
kite Jérusalem parèt nan lespri ou.
 
51  Sòm 44:15“Nou vin wont akoz nou te tande repwòch.
Wont lan fin kouvri figi nou,
paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”
 
52 “Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:
“Lè Mwen va fè jijman sou Jr 50:38zidòl taye yo.
Konsa, sila ak blesi mòtèl yo
va plenyen nan tout peyi li a.
53 Malgre Babylone ta monte nan syèl la,
e malgre li ta ranfòse sitadèl li a;
destriktè yo va soti kote És 13:3Mwen,
e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.
 
54  Jr 48:3-5“Bri a gwo kri k ap sòti Babylone,
ak gwo destriksyon k ap soti nan peyi Kaldeyen yo!
55 Paske SENYÈ a va detwi Babylone.
Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann;
Sòm 18:4vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo,
ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou.
56 Paske sila k ap detwi a fin rive sou li,
sou Babylone nan menm.
Mesye pwisan li yo fin kaptire.
Banza yo fin kraze nèt.
Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans.
L ap rekonpanse nèt.
57 Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou;
menm majistra li yo ak prefè li yo.
Konsa, yo ka dòmi yon Sòm 76:5-6dòmi san rete pou yo pa leve menm”,
deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.
 
58 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Miray Babylone nan ki tèlman laj
va vin demoli nèt.
Wo És 45:1-2pòtay li yo va pran dife.
Donk, pèp yo va travay di pou ryen,
e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”
59 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Jr 28:1Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.) 60 Konsa, Jérémie te És 30:8ekri nan yon sèl woulo tout malè ki ta rive sou Babylone yo, sa vle di tout pawòl sila ki te ekri konsènan Babylone yo. 61 Epi Jérémie te di a Seraja: “Depi ou vini Babylone, alò, fè si ke ou li tout pawòl sila yo a wot vwa, 62 Epi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen Jr 51:43anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’. 63 Konsa, li va fèt ke depi ou fin li woulo sa a, ou va mare yon wòch sou li e Jr 19:10jete l nan mitan rivyè Euphrate la. 64 Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l Na 1:8pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’ ”
Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.

51:1 Jr 4:11-12

51:2 És 41:16

51:3 Jr 50:14-29

51:4 És 13:5

51:5 Os 4:1-2

51:6 Jr 50:8-28

51:8 És 21:9

51:9 Éz 9:6

51:10 Sòm 37:6

51:11 Jr 46:4-9

51:12 Jr 4:28

51:13 És 57:17

51:15 Job 9:8

51:16 Job 37:2-6

51:18 Jr 18:15

51:19 Sòm 73:26

51:21 Egz 15:1

51:24 Jr 50:15-29

51:25 Jr 50:31

51:26 És 13:19-22

51:27 Jen 8:4

51:29 Jr 8:16

51:31 II Kwo 30:6

51:33 És 21:10

51:34 Job 20:15

51:35 Sòm 137:8

51:36 Sòm 140:12

51:37 Rev 18:2

51:38 Jr 2:15

51:39 Sòm 76:5

51:40 Jr 48:15

51:41 Jr 25:26

51:42 És 8:7-8

51:43 És 13:20

51:44 Éz 1:7-8

51:45 És 48:20

51:46 II Wa 19:7

51:47 És 21:9

51:48 Jr 50:3

51:49 Rev 18:24

51:50 Det 4:29-31

51:51 Sòm 44:15

51:52 Jr 50:38

51:53 És 13:3

51:54 Jr 48:3-5

51:55 Sòm 18:4

51:57 Sòm 76:5-6

51:58 És 45:1-2

51:59 Jr 28:1

51:60 És 30:8

51:62 Jr 51:43

51:63 Jr 19:10

51:64 Na 1:8