48
Konsènan És 15:1Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:
“Malè a Nebo!
Paske li fin detwi.
Kirjathaïm te rive wont nèt.
Li vin kaptire.
Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont.
Li te vin kraze nèt.
Pa genyen lwanj pou Moab ankò.
Nan Nonb 21:25Hesbon, yo te fè plan pou malè li:
‘Vini, annou koupe retire l nèt
pou l pa menm yon nasyon ankò!’
Nou menm tou, Madmen, va vin an silans.
Nepe a va swiv nou.
Bri a gwo kri k ap sòti És 15:5Choronaïm;
ravaj ak gwo destriksyon!
Moab fin kraze.
Pitit li yo te fè yon kri detrès.
Paske akote pant ki monte vè És 15:5Luchith la,
yo va monte avèk kri san rete.
Paske nan pant ki desann kote Choronaïm nan,
yo te tande gwo kri ak doulè
akoz destriksyon an.
Jr 51:6Chape poul nou, sove lavi nou,
pou nou ka tankou yon bayawonn nan dezè a.
Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou
ak trezò pa nou;
menm nou menm va vin kaptire.
Nonb 21:29Kemosch va antre an egzil
ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.
Yon destriktè va vini nan chak vil,
pou pa gen vil ki chape;
vale a, anplis, ap detwi,
e Jos 13:9wo plèn nan va detwi,
jan SENYÈ a te pale a.
Bay zèl a Moab, paske li va sove ale;
epi vil pa li yo va vin yon Jr 44:22dezè,
san moun ki pou rete ladan yo.
 
10 “Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak I Wa 20:39-42neglijans,
e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.
 
11 “Moab te Jr 22:21alèz depi nan jenès li;
anplis, li pa t janm deranje.
Tankou diven ki rete nan boutèy orijinal,
ki pa t vide de veso a veso,
nonplis li pa t janm ale an egzil.
Akoz sa, li kenbe bon gou li,
ni odè li pa chanje.
12 Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:
“lè Mwen va voye kote li sila ki chavire bato yo
e yo va chavire li, yo va vide veso li yo
e kraze tout bokal li yo.
13 Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan
lakay Israël te wont pou I Wa 12:29Béthel, konfyans pa yo.
 
14 “Kòman nou ka di: ‘Nou se Sòm 33:16vanyan gèrye
e moun plen kouraj pou batay’?
15 Moab fin detwi nèt,
e moun fin monte kote vil li yo;
anplis, És 40:30-31jenn mesye pi chwazi li yo fin tonbe nan gwo masak,”
deklare Wa a, ki pote non a SENYÈ dèzame yo.
16 “Gwo dega Moab la És 13:22prèt pou rive
e malè li va chofe rive vit.
17 Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li,
menm nou menm tout ki te konnen non li, di:
‘Gade kijan gwo fòs És 13:22baton wayal la fin kase,
yon baton ki te tèlman bèl!’
 
18 O fi ki rete Dibon an,
“Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk;
paske destriktè Moab la te vin kont ou.
Li te detwi sitadèl ou yo.
19 Kanpe akote wout la pou veye,
O moun ki rete Aroër.
Mande gason ‘ki moun ki sove ale a’?
E fi a ‘ki moun ki chape poul li a’?
Mande: ‘Kisa ki te pase?’
20 Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt.
Fè gwo kri, rele anmwey!
Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.
21 Jijman fin rive sou plèn nan tou,
sou Holon, sou Jahats e kont Méphaath,
22 Sou Dibon, sou Nebo, sou Beth-Diblathaïm,
23 Sou Kirjathaïm sou Beth-Gamul, sou Beth-Meon,
24 Sou Jr 48:41Kerijoth, sou Botsra, sou tout vil nan
peyi Moab yo, ni lwen, ni pre.
25  Sòm 75:10Kòn Moab te fin koupe nèt e bra li te fin kase,”
deklare SENYÈ a.
 
26  Jr 25:15“Fè l vin sou,
paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a.
Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li,
e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.
27 Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib?
Oswa, èske se pami volè li te tonbe?
Paske chak fwa nou pale sou li,
nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.
28 Kite vil yo pou rete nan Jij 6:2kav wo yo, O moun Moab yo!
Fè tankou toutrèl ki fè nich li dèyè bouch gwo kav yo.
 
29  És 16:6“Nou konn tande afè ògèy Moab la.
Li vrèman ògeye nan ensolans li,
ògèy li, awogans kè li,
ak leve pwòp tèt li byen wo.
30 Mwen konnen És 37:28gwo kòlè li,” deklare SENYÈ a:
“Men sa initil;
gwo ògèy li a pa reyisi anyen.
31 Pou sa, mwen va És 15:5rele anmwey pou Moab,
menm pou tout Moab mwen va rele fò.
Mwen va plenyen ak tristès pou mesye a Kir-Hérès yo.
32 Plis ke És 16:8-9kriye pou Jaezer, mwen va kriye
pou ou, O chan rezen Sibma a.
Chan rezen nou yo te lonje rive lòtbò lanmè a.
Yo te rive nan lanmè Jaezer a.
Sou fwi gran sezon ak rekòlt rezen nou,
destriktè a vin tonbe.
33 Konsa, És 16:10lajwa ak kè kontan vin retire
nan chan plen ak fwi a,
menm nan Moab.
Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo.
Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri.
Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.
34 Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé,
menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar,
jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija;
paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.
35 M ap fè Moab fini nèt”, deklare SENYÈ a:
“Sila ki ofri sakrifis sou wo plas yo e sila ki
Jr 7:9brile lansan a dye li yo.
36 Akoz sa, És 5:15kè M kriye pou Moab tankou flit;
kè M kriye tou pou mesye Kir-Hérès yo.
Akoz yo te pèdi tout abondans li te konn pwodwi.
37 Paske És 15:2tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout;
genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.
38 Sou tout És 22:1twati a Moab yo ak nan lari yo,
se lamantasyon tout kote;
paske mwen te kraze Moab kon yon veso san valè,”
deklare SENYÈ a.
39 “A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey.
Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt!
Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon Éz 26:16objè degoutan
a tout moun ki antoure li yo.”
40 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole
rapid tankou èg e És 8:8lonje zèl li ouvri kont Moab.
41 Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran.
Jr 49:22Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a,
va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
42 Moab va Sòm 83:4detwi jiskaske li vin pa yon pèp ankò,
akoz li te vin awogan anvè SENYÈ a.
43  És 24:17-18Gwo laperèz devan twou fòs, ak pèlen ap vini sou nou,
O moun Moab yo,” deklare SENYÈ a.
44 “Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la
e sila ki monte sòti nan fòs la,
va kenbe nan pèlen an;
paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab,
ane a Jr 46:21pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.
 
45 “Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs;
paske dife a parèt sòti nan Hesbon,
yon Nonb 21:28-29flanm soti nan mitan Sihon
e li te devore fwontèn tèt a Moab
ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
46 Malè pou ou, Moab! Pèp Jij 11:24Kemosch la fin peri;
paske fis nou yo vin prizonye e fi nou yo ale an kaptivite.
 
47 “Malgre sa, Mwen va Jr 12:14-17restore Moab nan dènye jou yo,”
deklare SENYÈ a.
Jiska prezan, jijman an rive sou Moab.

48:1 És 15:1

48:2 Nonb 21:25

48:3 És 15:5

48:5 És 15:5

48:6 Jr 51:6

48:7 Nonb 21:29

48:8 Jos 13:9

48:9 Jr 44:22

48:10 I Wa 20:39-42

48:11 Jr 22:21

48:13 I Wa 12:29

48:14 Sòm 33:16

48:15 És 40:30-31

48:16 És 13:22

48:17 És 13:22

48:24 Jr 48:41

48:25 Sòm 75:10

48:26 Jr 25:15

48:28 Jij 6:2

48:29 És 16:6

48:30 És 37:28

48:31 És 15:5

48:32 És 16:8-9

48:33 És 16:10

48:35 Jr 7:9

48:36 És 5:15

48:37 És 15:2

48:38 És 22:1

48:39 Éz 26:16

48:40 És 8:8

48:41 Jr 49:22

48:42 Sòm 83:4

48:43 És 24:17-18

48:44 Jr 46:21

48:45 Nonb 21:28-29

48:46 Jij 11:24

48:47 Jr 12:14-17