25
Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a II Wa 24:1-2Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan), ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout Jr 18:11pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
SENYÈ a te voye bannou tout II Kwo 36:15sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute, Li te di: II Wa 17:13 “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan. Det 6:14Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”
“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, És 13:3sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan. 10 Anplis, Mwen va És 24:8-11retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan. 11 Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan II Kwo 36:21swasann-dis ane.”
12 “Konsa, li va vin rive ke Esd 1:1lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan. 13 Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan Jr 36:4-32liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo. 14 (Paske, Jr 27:7anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”
15 Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran Job 21:20tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l. 16 Yo va Na 3:11bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”
17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te Jr 1:10fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l: 18  Sòm 60:3Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a; 19  Jr 46:2-28Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a; 20 epi tout etranje yo, tout wa Job 1:1peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo; 21 Édom, Jr 48:1-47Moab ak fis Ammon yo; 22 epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa Jr 31:10peyi kot ki lòtbò lanmè yo; 23 Dedan ak Théma, ak Jen 22:21Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo; 24 epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo; 25 epi tout wa Zimri yo, tout wa a Jen 10:22Élam yo ak tout wa a Médie yo; 26 epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi Jr 25:9tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo.
27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz Éz 21:4-5nepe ke Mwen va voye pami nou an.” ’
28 Epi li va vin rive ke si yo Job 34:33refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè! 29 Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki I Wa 8:43rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.” ’
30 “Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo:
‘SENYÈ a va Jl 2:11 gwonde fò depi anwo;
vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an.
Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an.
Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo,
kont tout sila ki rete sou latè yo.
31 Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè,
akoz SENYÈ a Os 4:1gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo.
Li va antre nan jijman ak tout chè yo.
Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’ ” deklare SENYÈ a.
32 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon,
e yon És 30:30gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.
33 Sila ki És 34:2-3touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.
34 Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo;
rele anmwey!
Woule kò nou nan sann,
nou menm ki mèt a bann mouton yo;
paske jou a És 34:6-7masak nou yo ak egzil la fin rive,
e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
35  Job 11:20Sove ale pa p posib pou bèje yo.
Mèt bann mouton yo p ap chape.
36 Tande kri a bèje yo,
ak plent a mèt bann mouton yo.
Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo,
37 Epi És 27:10pak mouton lapè yo tonbe an silans,
akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
38 Li soti nan kote kachèt Li yo Jr 4:7kon lyon an,
paske peyi yo te devni yon gwo laperèz
akoz gwo vyolans nepe k ap oprime,
e akoz gwo raj a kòlè Li.

25:1 II Wa 24:1-2

25:2 Jr 18:11

25:4 II Kwo 36:15

25:5 II Wa 17:13

25:6 Det 6:14

25:9 És 13:3

25:10 És 24:8-11

25:11 II Kwo 36:21

25:12 Esd 1:1

25:13 Jr 36:4-32

25:14 Jr 27:7

25:15 Job 21:20

25:16 Na 3:11

25:17 Jr 1:10

25:18 Sòm 60:3

25:19 Jr 46:2-28

25:20 Job 1:1

25:21 Jr 48:1-47

25:22 Jr 31:10

25:23 Jen 22:21

25:25 Jen 10:22

25:26 Jr 25:9

25:27 Éz 21:4-5

25:28 Job 34:33

25:29 I Wa 8:43

25:30 Jl 2:11

25:31 Os 4:1

25:32 És 30:30

25:33 És 34:2-3

25:34 És 34:6-7

25:35 Job 11:20

25:37 És 27:10

25:38 Jr 4:7