24
Jr 25:1Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li. SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, II Wa 23:27selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo. Anverite, sou kòmand SENYÈ a, li te rive Juda, pou retire yo devan zye Li II Wa 23:26akoz peche a Manassé yo selon tout sa ke li te fè yo, anplis, II Wa 21:16ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa. Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? Konsa, Jr 22:18-19Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
Wa Égypte la pa t sòti nan peyi li ankò, Jr 46:2paske wa Babylone nan te kaptire tout sa ki te pou wa Égypte la soti nan Jen 15:18 flèv Égypte la jis rive nan Rivyè Euphrate la.
I Kwo 3:16Jojakin te gen II Kwo 36:9di-zuit ane lè li te devni wa e li te renye twa mwa Jérusalem. Non manman li se te Néhuschtha, fi a Elnathan an Jérusalem. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, II Wa 21:2-7selon tout sa ke papa li te konn fè yo. 10 Nan tan sa a, sèvitè a wa Babylone yo te monte Jérusalem e vil la te antre anba syèj. 11 Epi Nebucadnetsar, wa Babylone nan te rive nan vil la pandan sèvitè li yo t ap fè syèj li. 12 Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, II Kwo 36:10wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a. 13  II Wa 20:17Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a. 14 Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo. 15 Konsa, Jr 22:24-28li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone. 16 Tout mesye gwo kouraj ak pwisans yo, II Wa 24:14sèt-mil, mèt ouvriye yo, mil, tout te plen avèk fòs e pare pou fè lagè. Tout sila yo, wa Babylone nan te mennen an egzil Babylone. 17  II Kwo 36:10-13Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.
18  Jr 27:1Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a, e li te renye pandan onzan Jérusalem. Non manman li se te Hamuthal, fis a Jérémie an nan Libna. 19 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, II Wa 23:37selon tout sa ke Jojakim te konn fè yo. 20 Paske Det 4:24 akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li.
Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.

24:1 Jr 25:1

24:2 II Wa 23:27

24:3 II Wa 23:26

24:4 II Wa 21:16

24:6 Jr 22:18-19

24:7 Jr 46:2

24:7 Jen 15:18

24:8 I Kwo 3:16

24:8 II Kwo 36:9

24:9 II Wa 21:2-7

24:12 II Kwo 36:10

24:13 II Wa 20:17

24:15 Jr 22:24-28

24:16 II Wa 24:14

24:17 II Kwo 36:10-13

24:18 Jr 27:1

24:19 II Wa 23:37

24:20 Det 4:24