20
II Kwo 32:24Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske, ou va mouri e ou p ap viv.’ ”
Epi li te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a e te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, II Wa 18:3-6 jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
Avan Ésaïe te sòti nan lakou mitan an, pawòl SENYÈ a te vin kote li e te di: “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: II Wa 19:20“Mwen te tande lapriyè pa w la, Sòm 39:12Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a; men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie a; epi II Wa 19:24Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.” ’ ”
Epi Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.”
Epi yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.
Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”
Ésaïe te di: És 38:7“Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
10 Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la desann dis pa; men non, kite li fè bak dis pa.”
11 Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a e Jos 10:12-14Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te desann nan eskalye Achaz la.
12  II Kwo 32:31Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad. 13 Ézéchias te koute yo e montre yo II Kwo 32:27tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
14 Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias e te di li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?”
Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”
15 Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?”
Epi Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an; nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo.”
16 Epi Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a. 17 ‘Veye byen, jou yo ap vini lè II Kwo 36:10tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a. 18 Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni Dan 1:3-7ofisye nan palè a wa Babylone nan.’ ”
19 Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la I Sam 3:18bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, si va gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
20  II Kwo 32:32 Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te Né 3:16fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 21  II Kwo 32:33Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.

20:1 II Kwo 32:24

20:3 II Wa 18:3-6

20:5 II Wa 19:20

20:5 Sòm 39:12

20:6 II Wa 19:24

20:9 És 38:7

20:11 Jos 10:12-14

20:12 II Kwo 32:31

20:13 II Kwo 32:27

20:17 II Kwo 36:10

20:18 Dan 1:3-7

20:19 I Sam 3:18

20:20 II Kwo 32:32

20:20 Né 3:16

20:21 II Kwo 32:33