38
II Wa 20:1-11Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’ ”
Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te II Wa 18:5-6mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l: “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete II Wa 18:2-13kenzan sou lavi ou. Mwen va És 31:5delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.” ’ Konsa, sa va Jij 6:17-40sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a: Gade byen, Mwen va II Wa 20:9-11fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.
Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:
10 Mwen te di: Sòm 102:24“Nan mitan lavi m,
mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo.
Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”
11 Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a;
SENYÈ Sòm 27:13nan peyi vivan yo.
Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.
12 Tankou II Kor 5:1-4tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen.
Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m.
L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la.
Soti lajounen rive nan lannwit,
Ou va fè yon fen ak mwen.
13 Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten.
Job 10:16Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m,
soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.
14 Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye.
Mwen plenyen kon yon toutrèl.
Zye m gade ak feblès vè wotè yo.
O Senyè, mwen oprime!
Fè m sekou!
15 Kisa mwen kapab di?
Non sèlman Li te pale ak mwen,
Men Li, Li menm, te fè l.
Mwen va I Wa 21:27mache an règ pandan tout ane m yo
akoz gou anmè kè m fin goute.
16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv,
e nan sa yo, lespri m jwenn lavi.
Sòm 119:25Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!
17 Alò, mwen te manke gen lapè;
men Ou menm ki te Sòm 30:3kenbe nanm mwen,
pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,
Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
18 Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou.
Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj.
Sila ki Nonb 16:33desann nan fos yo
p ap ka gen espwa fidelite Ou.
19 Se Sòm 118:17vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,
tankou mwen menm, mwen fè jodi a.
Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
20 Anverite, SENYÈ a va sove mwen.
Konsa, nou va chante chanson mwen yo
sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”
21 Alò II Wa 20:7-8Ésaïe te di: “Kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.” 22 Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap És 38:7sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?”

38:1 II Wa 20:1-11

38:3 II Wa 18:5-6

38:5 II Wa 18:2-13

38:6 És 31:5

38:7 Jij 6:17-40

38:8 II Wa 20:9-11

38:10 Sòm 102:24

38:11 Sòm 27:13

38:12 II Kor 5:1-4

38:13 Job 10:16

38:15 I Wa 21:27

38:16 Sòm 119:25

38:17 Sòm 30:3

38:18 Nonb 16:33

38:19 Sòm 118:17

38:21 II Wa 20:7-8

38:22 És 38:7