27
Yon sòm David
SENYÈ a se limyè mwen e És 33:2sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te Sòm 9:3chape tonbe.
Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen Job 4:6konfyans.
Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
Paske nan jou twoub la,
Li va Sòm 31:20 kache mwen nan tabènak Li.
Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,
se la Li va fè m kache.
Li va leve mwen sou yon wòch.
Epi koulye a, Sòm 3:3tèt mwen va vin leve wo
sou lènmi m ki antoure m yo.
Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.
Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
 
Sòm 4:3Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.
Fè m gras e reponn mwen.
Lè Ou te di m: Sòm 105:4“Chache wè figi Mwen”,
kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,
se li mwen va chache.”
Pa kache figi Ou de mwen.
Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.
Se Ou ki konn sekou mwen.
Pa abandone mwen, ni Sòm 37:28 kite m sèl,
O Bondye delivrans mwen an.
10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen,
Men És 40:11 SENYÈ a va ranmase mwen.
11  Sòm 25:4Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.
Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,
paske Mat 26:60fo temwen yo vin leve kont mwen,
sila k ap respire vyolans yo.
13 Mwen toujou gen konfyans sa a:
ke m va wè Sòm 31:19bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14 Tann SENYÈ a.
Sòm 31:24Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.
Wi, tann SENYÈ a.

27:1 És 33:2

27:2 Sòm 9:3

27:3 Job 4:6

27:5 Sòm 31:20

27:6 Sòm 3:3

27:7 Sòm 4:3

27:8 Sòm 105:4

27:9 Sòm 37:28

27:10 És 40:11

27:11 Sòm 25:4

27:12 Mat 26:60

27:13 Sòm 31:19

27:14 Sòm 31:24