31
Yon Sòm David
Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.
Pa janm kite mwen Sòm 25:2vin wont.
Nan ladwati Ou, delivre mwen.
Panche zòrèy W bò kote mwen.
Delivre mwen byen vit.
Devni pou mwen Sòm 18:2wòch ki ban m fòs,
yon sitadèl ki pou sove m.
Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,
konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
Ou va rale m sòti nan filè ke yo te
prepare an sekrè pou mwen an,
paske se Ou ki fòs mwen.
Luc 23:46Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.
Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,
men nan Bondye, mwen Sòm 52:8mete konfyans mwen.
Mwen va rejwi e fè kè kontan nan
lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.
Ou te Sòm 10:14wè soufrans a nanm mwen.
Det 32:30Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.
Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
Sòm 39:11Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te
devni yon objè Sòm 69:19abominab,
sitou a vwazen mwen yo, e yon
objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.
Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 Mwen fin Sòm 88:5bliye tankou yon moun mouri,
disparèt nan panse moun.
Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
13 Paske mwen konn tande kout lang
anpil moun, laperèz toupatou.
Mat 27:1Yo pran konsèy ansanm kont mwen.
Yo te fè konplo pou rache lavi m.
14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: Sòm 140:6“Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 Moman mwen yo nan men Ou.
Sòm 143:9 Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,
avèk sila ki pèsekite mwen yo.
16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.
Sòm 6:4Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,
paske se Ou ke m rele.
18 Kite lèv ki manti yo sispann,
sila yo ka p Jd 15 pale ak awogans kont moun dwat yo,
k ap fè ògèy pou desann moun.
19 Men a la gran, És 64:4bonte ke Ou
te konsève pou sila ki krent Ou yo,
ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout Sòm 37:12 manèv a lòm.
Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj
kont konplo a tout lang lèzòm.
21 Beni se SENYÈ a,
paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a
anvè mwen nan yon I Sam 23:7 vil byen fò.
22 Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:
“Mwen És 38:11-12koupe retire nèt devan zye Ou”.
Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m te kriye a Ou menm.
23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!
SENYÈ a toujou Sòm 145:20prezève moun fidèl yo,
e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
24 Kenbe fèm e Sòm 27:14kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.

31:1 Sòm 25:2

31:2 Sòm 18:2

31:5 Luc 23:46

31:6 Sòm 52:8

31:7 Sòm 10:14

31:8 Det 32:30

31:10 Sòm 39:11

31:11 Sòm 69:19

31:12 Sòm 88:5

31:13 Mat 27:1

31:14 Sòm 140:6

31:15 Sòm 143:9

31:16 Sòm 6:4

31:18 Jd 15

31:19 És 64:4

31:20 Sòm 37:12

31:21 I Sam 23:7

31:22 És 38:11-12

31:23 Sòm 145:20

31:24 Sòm 27:14