JUDE
1
Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a Wo 1:6sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki Jn 17:11konsève pou Jésus Kri.
Ke mizerikòd la, lapè, ak lamou kapab I Pi 1:2ogmante anvè nou.
Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou I Tim 6:12lite fò pou Trav 6:7lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo. Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te I Pi 2:8fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi I Tim 2:12rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a Egz 12:51apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. Epi II Pi 2:4zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen II Pi 2:9anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a. Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, se prezante kon yon egzanp, e te Mat 25:41 pase nan pinisyon dife etènèl a.
Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo II Pi 2:10defile lachè a, rejete otorite a, epi meprize zanj majestik yo. Men II Pi 2:11lakanj Michel, lè li te dispite avèk dyab la, epi te despite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononce yon jijman cho, men te di Za 3:2“Ke Bondye bay ou repwòch.” 10 Men II Pi 2:12moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa lensten, kon bèt ki pa ka menm rezonen, ke yo vin detwi.
11 Malè a yo! Paske yo ale Jen 4:3-8menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te Nonb 16:1-3,31-35peri nan rebelyon Kore la.
12 Moun sa yo se resif yo k ap kashe I Kor 11:20nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se Pwov 25:14nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13  És 57:20volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann II Pi 2:17pou kilès tenèb nwa la te rezève jis pou janmen.
14 Epi selon sa yo tou Jen 5:18,21Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak inpir pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke I Tim 1:9pechè yo san fwa te pale kontra Li.”
16 Sa yo se Nonb 16:11,41moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale II Pi 2:18avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen youn avantaj.
17 Men nou, byeneme yo II Pi 3:2dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot yo a Senyè nou, Jésus Kri 18 ke yo t ap di a nou ke Trav 20:29“Nan dènye tan, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun I Kor 2:1k ap reflechi kon lemonn lan, ki san Lespri la.
20 Men nou, byeneme yo Kol 2:7an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen a. 21 Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou Tit 2:13tan swayezman pou mizerikòd la a Senyè nou Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk k ap doute, 23 sove lòt. Am 4:11Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk Za 3:3rayisman menm pou rad la ki te salè pa lachè.
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi II Kor 4:14fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa, 25 a Jn 5:44sèl Bondye la Sovè nou, atrave Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

1:1 Wo 1:6

1:1 Jn 17:11

1:2 I Pi 1:2

1:3 I Tim 6:12

1:3 Trav 6:7

1:4 I Pi 2:8

1:4 I Tim 2:12

1:5 Egz 12:51

1:6 II Pi 2:4

1:6 II Pi 2:9

1:7 Mat 25:41

1:8 II Pi 2:10

1:9 II Pi 2:11

1:9 Za 3:2

1:10 II Pi 2:12

1:11 Jen 4:3-8

1:11 Nonb 16:1-3,31-35

1:12 I Kor 11:20

1:12 Pwov 25:14

1:13 És 57:20

1:13 II Pi 2:17

1:14 Jen 5:18,21

1:15 I Tim 1:9

1:16 Nonb 16:11,41

1:16 II Pi 2:18

1:17 II Pi 3:2

1:18 Trav 20:29

1:19 I Kor 2:1

1:20 Kol 2:7

1:21 Tit 2:13

1:23 Am 4:11

1:23 Za 3:3

1:24 II Kor 4:14

1:25 Jn 5:44