REVELASYON
1
Revelasyon a Jésus Kri, ke Jn 17:8Bondye te bay Li pou Rev 22:6montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, ki te temwaye Rev 1:9pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.
Luc 11:28Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Rev 22:10Paske tan an pwòch.
Jean, a sèt legliz ki an Trav 2:9Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Rev 1:8Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; e nan Jésus Kri, Rev 3:14temwen fidèl la, I Kor 15:20premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.
A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— epi Li te fè nou vin yon Rev 5:10Wayòm, prèt a Wo 15:6Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Dan 7:13Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.
“Mwen se Rev 21:6Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”
Mwen, Jean, frè nou, ki Trav 14:22patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak I Tes 3:5pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.
10 Mwen te Mat 22:43nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa Rev 4:1tankou son a yon twonpèt, 11 ki t ap di: Rev 1:19“Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”
12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè Egz 25:37sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Dan 7:9Zye li te tankou yon flanm dife. 15  Esd 1:7Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon És 49:2nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Mat 17:2Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
17 Lè m te wè Li, mwen te Dan 8:17tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se És 44:6premye ak dènye a, 18  e Luc 24:5Sila ki viv la. Rev 2:8Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
19  “Konsa, Rev 1:11ekri Rev 1:12-16bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20  Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a Rev 1:4-11sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

1:1 Jn 17:8

1:1 Rev 22:6

1:2 Rev 1:9

1:3 Luc 11:28

1:3 Rev 22:10

1:4 Trav 2:9

1:4 Rev 1:8

1:5 Rev 3:14

1:5 I Kor 15:20

1:6 Rev 5:10

1:6 Wo 15:6

1:7 Dan 7:13

1:8 Rev 21:6

1:9 Trav 14:22

1:9 I Tes 3:5

1:10 Mat 22:43

1:10 Rev 4:1

1:11 Rev 1:19

1:12 Egz 25:37

1:14 Dan 7:9

1:15 Esd 1:7

1:16 És 49:2

1:16 Mat 17:2

1:17 Dan 8:17

1:17 És 44:6

1:18 Luc 24:5

1:18 Rev 2:8

1:19 Rev 1:11

1:19 Rev 1:12-16

1:20 Rev 1:4-11