4
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a Rev 1:10te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: Rev 11:12“Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
La menm, mwen te Rev 1:10nan Lespri a. Epi gade byen, yon I Wa 22:19twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon Éz 1:28lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. Ozanviwon de twòn lan se te Rev 11:16venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè Rev 4:10venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen Egz 25:37sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan Éz 1:18ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. Éz 1:10Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: És 6:3“Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki Sòm 47:8chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo Rev 5:8,14tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te Trav 14:15kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

4:1 Rev 1:10

4:1 Rev 11:12

4:2 Rev 1:10

4:2 I Wa 22:19

4:3 Éz 1:28

4:4 Rev 11:16

4:4 Rev 4:10

4:5 Egz 25:37

4:6 Éz 1:18

4:7 Éz 1:10

4:8 És 6:3

4:9 Sòm 47:8

4:10 Rev 5:8,14

4:11 Trav 14:15