47
Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo.
O bat men nou ansanm, tout pèp yo.
Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.
Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent.
Li se Mal 1:1Gran Wa a sou tout latè a.
Li fè soumèt pèp yo anba nou,
ak nasyon yo anba pye nou.
Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou,
Am 6:8glwa la a Jacob, ke Li renmen an.
Tan
Bondye te monte avèk yon gwo rèl,
SENYÈ a avèk Sòm 98:6son twonpèt la.
Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!
Chante lwanj Sòm 89:18Wa nou an, chante lwanj yo!
Paske Bondye se Wa a tout tè a.
Chante lwanj yo I Kor 14:15avèk yon chan byen bèl.
Bondye I Kwo 16:31regne sou nasyon yo.
Bondye chita sou twòn wayal Li a.
Prens a pèp yo rasanble yo ansanm,
Wo 4:11-12pèp a Bondye Abraham nan.
Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye.
Li leve byen wo.

47:2 Mal 1:1

47:4 Am 6:8

47:5 Sòm 98:6

47:6 Sòm 89:18

47:7 I Kor 14:15

47:8 I Kwo 16:31

47:9 Wo 4:11-12