6
Malè a sila ki alèz Sion yo e ak sila ki santi yo
ansekirite nan mòn Samarie yo,
Egz 19:5mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,
a sila lakay Israël konn vini yo.
Ale janbe kote Jen 10:10Calné e gade; soti la
rive Hamath Gran an pou desann
kote Gath ki pou Filisten yo.
Èske yo pi bon ke wayòm sila yo, oswa
èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
Èske nou konn És 56:12ranvoye jou malè e
èske nou ta ka pote sant
vyolans lan vin pi pre?
Sila k ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,
k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo e k ap
Éz 34:2,3manje jenn mouton ki soti nan Pak la,
ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la
Sila ki enpwovize a son ap la, menm jan ak David,
pou konpoze I Kwo 15:16 chan yo pou yo,
Sila ki bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo
onksyone kò yo ak pi bon lwil yo.
Malgre sa, yo pa t janm Éz 9:4kriye pou Joseph,
ki fin devaste nèt la.
Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo,
e banbòch a sanzave yo va sispann. És 13:10; Am 7:11,17
Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,
SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:
“Mwen rayi awogans a Jacob la
e Mwen deteste sitadèl li yo.
Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa
ki ladann.” És 13:10; Lev 26:30
Epi li va vin rive ke si genyen dis moun ki rete
nan yon kay, yo va mouri.
10 Alò tonton a youn, oswa I Sam 31:12 mèt mòg k ap antere li a va leve pote zo li sòti nan kay la e li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a Jr 44:26pa dwe nonmen menm.”
11 “Paske gade byen, SENYÈ a pral És 55:11 kòmande II Wa 25:9 pou gwo
lakay la vin kraze nèt e ti kay la an ti mòso nèt.
12 Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa
èske yo ka charye wòch yo ak bèf?
Malgre sa, nou te fè I Wa 21:7-13Lajistis vin tounen pwazon
e fwi ladwati vin tounen lanvè
13 Nou menm k ap rejwi nan yon Job 8:14,15bagay ki pa anyen,
epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj
nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon
kont nou, O lakay Israël,” deklare SENYÈ Bondye
dèzame yo;
“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath
pou rive jis nan flèv Araba a.”

6:1 Egz 19:5

6:2 Jen 10:10

6:3 És 56:12

6:4 Éz 34:2,3

6:5 I Kwo 15:16

6:6 Éz 9:4

6:7 És 13:10; Am 7:11,17

6:8 És 13:10; Lev 26:30

6:10 I Sam 31:12

6:10 Jr 44:26

6:11 És 55:11

6:11 II Wa 25:9

6:12 I Wa 21:7-13

6:13 Job 8:14,15