8
Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:
“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo
pou Job 6:26pawòl a bouch ou fè gwo van?
Èske Jen 18:25Bondye konn konwonpi jistis la?
Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
Job 1:5-19Si fis ou yo te peche kont Li,
alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
Si ou ta Job 5:17-27chache Bondye e mande
konpasyon a Toupwisan an,
si ou te san tach e dwat;
anverite, koulye a,
Job 22:27Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou
jan ou te ye nan ladwati ou.
Malgre, kòmansman ou pa t remakab,
ou ta Job 42:12fini avèk anpil gwo bagay.
 
“Souple, fè Det 4:32rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,
e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,
e nou pa konnen anyen,
paske Job 14:2jou pa nou yo sou latè
se sèl yon lonbraj ki pase.
10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e
fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
 
11 “Èske jon kab grandi san ma dlo?
Èske wozo konn pouse san dlo?
12 Pandan li toujou vèt e san koupe a,
l ap fennen avan tout lòt plant yo.
13 Se konsa chemen a Sòm 9:17tout moun ki bliye Bondye yo.
Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
14 sila a ak konfyans frajil la
kap mete konfyans li nan És 59:5-6 fil arenye a.
15 Arenye a mete konfyans sou Job 8:22lakay li,
men li p ap kanpe.
Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
16 Li Sòm 37:35byen reyisi nan solèy la e
gaye toupatou nan jaden an.
17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;
li sezi yon kay wòch.
18 Si li vin deplase sou Job 7:10plas li,
alò plas li va refize rekonèt li e di:
“Mwen pa t janm wè w.
19 Gade byen, Job 20:5se sa ki fè lajwa chemen li;
epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.
 
20 “Alò, Job 4:7Bondye p ap rejte yon nonm entèg;
ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
21 Jiska prezan, Li va ranpli Job 5:22bouch ou
avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
22 Sila ki rayi ou yo va vin Sòm 132:18abiye ak wont
e tant a mechan yo p ap la ankò.”

8:2 Job 6:26

8:3 Jen 18:25

8:4 Job 1:5-19

8:5 Job 5:17-27

8:6 Job 22:27

8:7 Job 42:12

8:8 Det 4:32

8:9 Job 14:2

8:13 Sòm 9:17

8:14 És 59:5-6

8:15 Job 8:22

8:16 Sòm 37:35

8:18 Job 7:10

8:19 Job 20:5

8:20 Job 4:7

8:21 Job 5:22

8:22 Sòm 132:18