14
1 ✡ Ekl 2:23Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen.
Anplis, ✡ Job 8:9li sove ale kon lonbraj e li pa dire.
3 Anplis, Ou ouvri zye ou sou li e ✡ Sòm 143:2mennen li
an jijman avèk Ou menm.
4 ✡ Job 15:4Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?
Pèsòn!
5 Konsi ✡ Job 21:21fòs jou li yo avèk Ou;
fòs mwa li yo avèk Ou;
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
6 ✡ Job 7:19Retire zye Ou sou li pou l kab repoze
jiskaske li kab konplete jou li yo kon yon ouvriye jounalye.
7 Paske, gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe,
ke li kab boujonnen ankò pou nouvo boujon yo kab reyisi.
8 Malgre rasin li yo vin vye nan tè a,
e chouk li mouri nan tè sèch,
9 fè rive yon gout dlo e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
10 Men ✡ Job 3:13lòm mouri e kouche plat.
Lòm mouri e kibò li ye?
11 Tankou ✡ És 19:5dlo lanmè fè vapè monte
e rivyè a vin sèch,
12 konsa ✡ Job 3:13lòm kouche e li pa leve ankò.
Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.
13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò yo,
pou ou ta kapab fè m kache ✡ És 26:20jiskaske chalè Ou
retounen kote Ou!
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen e sonje m!
14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann
jiskaske lè rive pou yo lage m.
15 Ou ta rele e mwen va reponn Ou;
Ou ta anvi anpil ✡ Job 10:3zèv men Ou yo.
16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo;
Èske Ou pa ✡ Job 10:6swiv peche m yo.
17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè
e Ou vlope tout inikite m yo.
18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen;
wòch la ap kite plas li.
19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a.
Se konsa Ou ✡ Job 7:6detwi espwa a lòm.
20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan e li ✡ Job 4:20pati;
Ou chanje aparans li e voye l ale.
21 Fis li yo vin resevwa lonè, men ✡ Ekl 9:5li menm pa konnen sa;
oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
22 Men kò l fè mal; epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.