19
Pwofesi konsènan Égypte la.
“Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; Jos 2:11 kè Ejipsyen yo va fann anndan yo. Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo Jij 7:22chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm. Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, I Kwo 10:13yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon És 20:4mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
És 50:2Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo. Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Job 8:11 Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri. Gwo wozo a bò Rivyè És 23:3-10Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò. Éz 47:10Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt. Anplis, sila k ap pwodwi twal len nan ki fèt ak len swa ak bòs Pwov 7:16twal blan yo va tris nèt. 10  Sòm 11:3Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.
11 Prens a Nonb 13:22Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”? 12 Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te És 14:24 planifye pou fè kont Égypte. 13 Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Jr 2:16Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare. 14 SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; És 3:12 yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li. 15 P ap gen travay pou Égypte; És 9:14-15ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè. 16 Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz És 11:15pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo. 17 Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo. 18 Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va És 45:23sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.
19 Nan jou sa a, va gen yon És 56:7lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a. 20 Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon És 43:3sovè, yon defansè e Li va delivre yo. 21 Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk És 56:7sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li. 22 SENYÈ a va frape Égypte; frape, men Det 32:39geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.
23 Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va És 27:13 adore ansanm.
24 Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan. 25 Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se És 45:14Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”

19:1 Jos 2:11

19:2 Jij 7:22

19:3 I Kwo 10:13

19:4 És 20:4

19:5 És 50:2

19:6 Job 8:11

19:7 És 23:3-10

19:8 Éz 47:10

19:9 Pwov 7:16

19:10 Sòm 11:3

19:11 Nonb 13:22

19:12 És 14:24

19:13 Jr 2:16

19:14 És 3:12

19:15 És 9:14-15

19:16 És 11:15

19:18 És 45:23

19:19 És 56:7

19:20 És 43:3

19:21 És 56:7

19:22 Det 32:39

19:23 És 27:13

19:25 És 45:14