47
 1 Epi li te mennen m retounen nan ✡Éz 41:2pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.   2 Li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay nò a, epi te mennen m ozanviwon pa deyò rive nan pòtay eksteryè a, pa chemen pòtay ki bay fas vè lès la. Epi gade byen, dlo t ap koule soti nan kote sid la.   
 3 Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo.   4 Ankò, li te mezire mil koude e li te mennen m pase nan dlo ki rive jis nan jenou yo. Ankò, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo ki rive nan senti a.   5 Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon ✡És 11:9rivyè ki pa t ka janbe sou pye.   
 6 Li te di m: “Fis a lòm, èske ou ✡Éz 8:6wè sa a?” Konsa, li te mennen m retounen rive arebò rivyè a.   7 Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil ✡És 60:13-21pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la.   8 Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan ✡Det 3:17dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri.   9 Li va vin rive ke tout kreyati vivan ki naje tout kote ke rivyè a ale, yo va viv. Konsa, va genyen anpil pwason, paske dlo sa yo ale la e dlo lanmè yo va geri. ✡És 12:3Tout bagay va viv nenpòt kote rivyè a ale.   10 Epi li va vin rive ke ✡Mat 4:19mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil.   11 Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete ✡Det 29:23sale.   12 Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktyè a, fwi pa yo va pou manje e ✡Rev 22:2fèy yo va pou gerizon.”   
 13 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon ✡Nonb 34:2-12lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.   14 Nou va divize li kon eritaj, chak egal ak lòt; paske Mwen te ✡Det 1:8sèmante pou bay li a papa zansèt nou yo, e peyi sa a va tonbe a nou menm kon eritaj.   
 15 “Sa se ✡Nonb 34:7-9lizyè peyi a: nan kote nò, soti nan Gwo Lanmè a, pa chemen Hethlon, jis rive nan antre a Tsedad;   16 ✡Nonb 13:21Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan.   17 Lizyè a va rive soti nan lanmè a ✡Nonb 34:9Hatsar-Énon nan lizyè Damas e nan rejyon nò, vè nò, se lizyè Hamath la. Sa se fwontyè nan kote nò a.”   
 18 “Nan kote ✡Nonb 34:10-12lès la, soti nan antre Havran, Damas Galaad ak peyi Israël, se va Larivyè Jourdain an; soti nan lizyè nò a jis rive nan lanmè lès la, ou va mezire li. Sa se kote lès la.”   
 19 “Nan kote sid la, vè sid li va soti Thamar jis rive nan dlo ✡Det 32:51Meriba-Kadès, pou rive nan flèv Égypte la ak nan Gwo Lanmè a. Sa se kote sid la, vè sid.”   
 20 “Nan kote ✡Nonb 34:6lwès la, se va Gwo Lanmè a, soti nan lizyè sid la pou rive nan yon pwent anfas Lebo-Hamath. Sa se kote lwès la.”   
 21 “Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon tribi Israël yo.   22 Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon ✡Trav 11:18eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.   23 Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.