48
Alò, Egz 1:1sila yo se non a tribi yo: soti nan pwent nò a akote chemen a Hethlon rive Lebo-Hamath, Hatsar-Énon nan lizyè Damas la, vè nò a akote Hamath, ki kouri soti nan lès pou ale nan lwès Dan, yon pòsyon.
Jos 19:24-31Akote lizyè a Dan nan, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Aser, yon pòsyon.
Akote lizyè Aser a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Jos 19:32-39Nephthali, yon pòsyon.
Akote lizyè Jos 13:29-31Nephthali a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Manassé, yon pòsyon.
Akote Jos 16:5-9lizyè Manassé a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Éphraïm, yon pòsyon.
Akote Jos 13:15-21lizyè Éphraïm nan, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Ruben, yon pòsyon.
Akote Jos 15:1-63lizyè Ruben an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Juda, yon pòsyon.
Epi akote És 12:6lizyè Juda a, soti nan kote lès la jis rive nan kote lwès la, va yon pòsyon ke nou va mete akote, venn-senk-mil koude nan lajè ak nan longè, kon youn nan pòsyon yo, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la; epi sanktiyè a va nan mitan li.
Pòsyon ke nou va rezève pou SENYÈ a, venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè. 10 Pòsyon sen an va pou sila yo; pou Éz 44:28prèt yo, vè nò, venn-senk-mil koude nan longè vè lwès, di-mil nan lajè e vè sid, venn-senk-mil nan longè; epi sanktiyè SENYÈ a va nan mitan l. 11 Li va pou prèt ki sen Éz 40:46pami fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite Mwen an, ki pa t vin egare lè fis Israël yo te vin egare, jan Levit yo te egare a. 12 Li va yon pòsyon pou yo soti nan pòsyon peyi a, yon kote ki sen pase tout kote, akote pòsyon Levit yo.
13 Akote lizyè prèt yo, Levit yo va gen venn-senk-mil koude nan longè e di-mil nan lajè. Longè total la va venn-senk-mil koude e lajè a va di-mil koude. 14 Anplis, yo Lev 25:32-34p ap ni vann ni fè echanj okenn ladann, ni anile okenn nan pòsyon chwazi nan teren sa a; paske li sen a SENYÈ a.
15 Rès la, senk-mil koude nan lajè e venn-senk-mil koude nan longè, va pou Éz 42:20sèvis vil la, pou kay yo ak pou espas ouvri yo; epi lavil la va nan mitan li. 16 Sa yo va mezi li: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude, kote sid la, Rev 21:16kat-mil-senk-san koude, kote lès la, kat-mil-senk-san koude e kote lwès la, kat-mil-senk-san koude. 17 Vil la va gen espas ouvri yo: Nan nò, de-san-senkant koude, nan sid, de-san-senkant koude, nan lès, de-san-senkant koude e nan lwès, de-san-senkant koude. 18 Rès longè akote pòsyon ki sen an, va di-mil koude vè lès e di-mil koude vè lwès; epi li va kouri akote pòsyon sen an. Epi pwodwi li yo va vin manje pou ouvriye vil yo. 19 Ouvriye vil yo, ki sòti nan tout tribi Israël yo, va kiltive li. 20 Tout pòsyon an va venn-senk-mil pa venn-senk-mil koude; nou va mete apa pòsyon sen an, yon pòsyon an fòm kare, ak teren vil la.
21 Tout sa ki rete va pou prens lan, de yon kote a yon lòt kote de pòsyon sen an ak teren vil la; devan venn-senk-mil koude a pòsyon an vè lizyè lès la e vè lwès, devan venn-senk-mil koude vè lizyè lwès la, akote pòsyon yo, li va pou prens lan. Epi pòsyon sen an ak sanktiyè kay la va nan mitan li. 22 Apa de teren Levit yo ak teren vil la, ki nan mitan a sila ki apatyen a prens lan, tout bagay antre lizyè Juda a ak lizyè Benjamin an va pou prens lan.
23 Pou tout rès tribi yo: Soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Jos 18:21-28Benjamin, yon pòsyon.
24 Akote lizyè Benjamin an, soti nan kote lès la pou rive nan lwès la, Jos 19:1-9Siméon, yon pòsyon.
25 Akote lizyè Siméon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Jos 19:17-23Issacar, yon pòsyon.
26 Akote lizyè Issacar a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Jos 19:10-16Zabulon, yon pòsyon.
27 Akote lizyè Zabulon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Jos 13:24-28Gad, yon pòsyon.
28 Akote lizyè Gad la, soti nan kote vè sid la, lizyè a va soti Jen 14:7Thamar jis rive nan dlo a Meriba yo nan Kadès, nan flèv Égypte la, jis rive nan Gwo Lanmè a.
29 Sa se Éz 47:13-20peyi ke nou va divize selon tiraj osò bay tribi Israël yo kon eritaj e sila yo se pòsyon pa yo,” deklare Senyè BONDYE a.
30 “Sa yo se kote pou sòti nan vil la: Éz 48:32-34Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude pa mezi, 31 Sa yo va pòtay vil yo, Rev 21:12-13ki gen non a tribi Israël yo, twa pòtay vè nò: pòtay Ruben an, youn; pòtay Juda a, youn; pòtay Levi a, youn.
32 “Nan kote lès la, kat-mil-senk-san koude, va gen twa pòtay sila yo: pòtay Joseph la, youn; pòtay Benjamin an, youn; pòtay Dan nan, youn.
33 “Nan kote sid la, kat-mil-senk-san koude pa mezi, va gen twa pòtay: pòtay Siméon an, youn; pòtay Issacar a, youn; pòtay Zabulon an, youn.
34 “Nan kote lwès la, kat-mil-senk-san koude, twa pòtay: pòtay Gad la, youn; pòtay Aser a, youn; pòtay Nephthali a, youn.
35 “Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”

48:1 Egz 1:1

48:2 Jos 19:24-31

48:3 Jos 19:32-39

48:4 Jos 13:29-31

48:5 Jos 16:5-9

48:6 Jos 13:15-21

48:7 Jos 15:1-63

48:8 És 12:6

48:10 Éz 44:28

48:11 Éz 40:46

48:14 Lev 25:32-34

48:15 Éz 42:20

48:16 Rev 21:16

48:23 Jos 18:21-28

48:24 Jos 19:1-9

48:25 Jos 19:17-23

48:26 Jos 19:10-16

48:27 Jos 13:24-28

48:28 Jen 14:7

48:29 Éz 47:13-20

48:30 Éz 48:32-34

48:31 Rev 21:12-13