21
Epi mwen te wè yon És 65:17syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
Mwen te wè vil sen an, Rev 3:12Jérusalem tounèf la, Eb 11:10,16desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, Lev 26:1tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. Li va És 25:8siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
Epi Rev 4:9Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. És 55:1Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè. Rev 2:7Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. II Sam 7:14Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
Rev 17:1Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: Rev 19:7 “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.” 10 Konsa, Éz 40:2; Rev 21:2li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye. 11 Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon Rev 4:3pyè jasp klè tankou kristal. 12 Li te gen yon gwo miray wo Éz 48:31-34avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo. 13 Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès. 14 Epi miray vil la te gen Eb 11:10douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a Trav 1:26douz apot Jèn Mouton an.
15 Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, Rev 21:12,21,25pòtay li yo, ak miray li a. 16 Vil la te fèt kòn yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal. 17 Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a Det 3:11 yon moun, sa vle di, yon zanj.
18 Materyèl miray la te Rev 21:11jasp. Vil la se te Rev 21:21lò pi, tankou vit klè. 19 Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod, 20 senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, Rev 4:3sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis. 21 Epi douz Rev 21:12,15,25pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.
22 Mwen pa t wè tanp ladann, paske Rev 1:8Senyè Bondye Toupwisan an ak Rev 5:6Jèn Mouton an se te tanp li. 23 Vil la És 60:19,20pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. 24  És 60:3,5Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo És 60:11p ap janm fèmen.
26 Konsa, yo va Sòm 72:10pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.
27 P ap gen És 52:1anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yo Rev 3:5ekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.

21:1 És 65:17

21:2 Rev 3:12

21:2 Eb 11:10,16

21:3 Lev 26:1

21:4 És 25:8

21:5 Rev 4:9

21:6 És 55:1

21:7 Rev 2:7

21:7 II Sam 7:14

21:9 Rev 17:1

21:9 Rev 19:7

21:10 Éz 40:2; Rev 21:2

21:11 Rev 4:3

21:12 Éz 48:31-34

21:14 Eb 11:10

21:14 Trav 1:26

21:15 Rev 21:12,21,25

21:17 Det 3:11

21:18 Rev 21:11

21:18 Rev 21:21

21:20 Rev 4:3

21:21 Rev 21:12,15,25

21:22 Rev 1:8

21:22 Rev 5:6

21:23 És 60:19,20

21:24 És 60:3,5

21:25 És 60:11

21:26 Sòm 72:10

21:27 És 52:1

21:27 Rev 3:5