19
Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou Jr 51:48gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an. Sòm 19:9Paske jijman Li yo vrè e jis; paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e Sou li, Li te Det 32:43vanje san a sèvitè Li yo.”
“Epi yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! És 34:10Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’ ”
Epi Rev 4:4,10venn-kat ansyen yo ak Rev 4:6kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”
Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, Rev 11:18sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
Answit, mwen te tande yon bagay tankou Jr 51:48vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, e t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm, paske Ef 5:23,32maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” Yo te bay a lamarye a pou abiye li an Rev 19:14lèn fen, briyan e pwòp; paske lèn fen an se Rev 15:4zak ladwati a sen yo.
Answit, Rev 17:1zanj lan te di mwen: Rev 1:19“Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’ ” Epi li te di mwen: “Sa yo se vrè pawòl a Bondye.”
10 Answit, Rev 22:8mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Trav 10:26Men li te di mwen: “Pa fè sa; mwen se yon sèvitè parèy ak ou e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a; adore Bondye. Paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”
11 Epi mwen te wè syèl la ouvri; e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Rev 3:14Fidèl e Veritab; e avèk Sòm 96:13ladwati, Li jije e fè lagè.
12  Dan 10:6Zye Li se flanm dife, e sou tèt li, se anpil kouwòn; epi Li gen yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki te tranpe nan san; e non Li rele Jn 1:1“Pawòl Bondye a”.
14 Epi lame ki nan syèl yo abiye an lèn fen, Rev 3:4blan e pwòp, yo t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file, pouke avèk li, Li kapab frape nasyon yo; epi Li va Sòm 2:9gouvène yo avèk yon baton an fè; e li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: Rev 17:14“Wadèwa e Senyè dè Senyè.”
17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la; epi li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, I Sam 17:44“Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a; 18 pou nou kapab Éz 39:18-20manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm, kit moun lib, kit esklav, Rev 13:16piti kou gran.”
19 Epi mwen te wè Rev 11:7bèt la, Rev 16:14,16wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li a.
20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign Rev 13:12nan prezans li yo, pa sa yo li te twonpe sila ki te resevwa Rev 13:16mak a bèt yo ak sila ki te adore imaj li yo; toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
21 Epi rès la te vin touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e Rev 19:17tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.

19:1 Jr 51:48

19:2 Sòm 19:9

19:2 Det 32:43

19:3 És 34:10

19:4 Rev 4:4,10

19:4 Rev 4:6

19:5 Rev 11:18

19:6 Jr 51:48

19:7 Ef 5:23,32

19:8 Rev 19:14

19:8 Rev 15:4

19:9 Rev 17:1

19:9 Rev 1:19

19:10 Rev 22:8

19:10 Trav 10:26

19:11 Rev 3:14

19:11 Sòm 96:13

19:12 Dan 10:6

19:13 Jn 1:1

19:14 Rev 3:4

19:15 Sòm 2:9

19:16 Rev 17:14

19:17 I Sam 17:44

19:18 Éz 39:18-20

19:18 Rev 13:16

19:19 Rev 11:7

19:19 Rev 16:14,16

19:20 Rev 13:12

19:20 Rev 13:16

19:21 Rev 19:17