39
“Epi Éz 38:2ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la. Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo. Mwen va Sòm 76:3frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou. Ou va És 14:24-25tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje a tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan. Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a. “Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il Sòm 72:10kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“ ‘ “Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin Egz 20:7pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”
“ ‘ “Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va És 66:24sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo. 10 Yo p ap pran bwa nan chan a ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi És 14:2piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.
11 “ ‘ “Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.
12 “ ‘ “Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo pou Det 21:23netwaye peyi a. 13 Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome pàtou nan jou sa a, pou pwop tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”
14 “Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap Jr 14:16antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo. 15 Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la. 16 Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”
17 “Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite És 56:9zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen ke M ap pral fè pou nou an, yon yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san. 18 Nou va manje chè a mesye pwisan yo e bwè san a prens latè yo, konsi se te Jr 51:40belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo. 19 Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an. 20 Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak Sòm 76:5-6cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’
21 “Konsa, Mwen va mete Egz 9:16glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M ke M te fè poze sou yo a. 22 Epi lakay Israël va Jr 24:7konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt. 23 Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz Jr 22:8-9inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout te tonbe devan nepe. 24  II Wa 17:7Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”
25 “Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va És 27:12-13restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an. 26 Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap I Wa 4:25viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn p ap fè yo pè. 27 Lè Mwen Éz 36:24mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon. 28 Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò. 29 Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin És 32:15vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”

39:1 Éz 38:2

39:3 Sòm 76:3

39:4 És 14:24-25

39:6 Sòm 72:10

39:7 Egz 20:7

39:9 És 66:24

39:10 És 14:2

39:12 Det 21:23

39:14 Jr 14:16

39:17 És 56:9

39:18 Jr 51:40

39:20 Sòm 76:5-6

39:21 Egz 9:16

39:22 Jr 24:7

39:23 Jr 22:8-9

39:24 II Wa 17:7

39:25 És 27:12-13

39:26 I Wa 4:25

39:27 Éz 36:24

39:29 És 32:15