76
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
Bondye byen rekonèt nan Juda.
Non Li Sòm 99:3gran an Israël.
Tabènak Li a nan Salem.
Sòm 27:5 Abitasyon Li an osi nan Sion.
La, Li te Sòm 46:9 kase flèch dife yo,
boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
Ou manyifik, pi majeste pase mòn
ak bèt lachas yo.
Sila ak És 10:12 gran kouraj yo te piyaje,
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,
ni Egz 15:1-21 chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
Ou menm, Ou merite lakrent.
Se Esd 9:15 kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te I Kwo 16:30 krent, e te kanpe rete an plas
lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo.
Tan
10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
11  Ekl 5:4-6 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.
Kite tout sila ki antoure Li yo
mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
12 Li va koupe retire nanm a prens yo.
Wa latè yo Sòm 47:2 gen lakrent Li.

76:1 Sòm 99:3

76:2 Sòm 27:5

76:3 Sòm 46:9

76:5 És 10:12

76:6 Egz 15:1-21

76:7 Esd 9:15

76:8 I Kwo 16:30

76:11 Ekl 5:4-6

76:12 Sòm 47:2