77
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph
Vwa m leve vè Bondye!
Mwen Sòm 3:4 kriye pou sekou.
Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
Nan Sòm 50:15 jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.
Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.
Nanm mwen te refize rekonfòte.
Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.
Mwen fè soupi; Sòm 61:2lespri m febli nèt.
 
Ou te kenbe zye mwen yo louvri.
Mwen tèlman twouble ke m Sòm 39:9 pa kab pale.
Mwen te reflechi sou Det 32:7 jou lansyen yo, ane lontan yo.
Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.
Mwen Sòm 4:4 reflechi tout tan nan kè mwen.
Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?
Èske Li Sòm 85:1-5p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?
Èske II Pi 3:9pwomès Li yo fini nèt?
Èske Bondye te bliye gras Li,
Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?”
Tan
10 Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse
Sòm 44:2-3 men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
11 Mwen va sonje Sòm 105:5 zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
12 Mwen va Sòm 145:5 reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
13 Chemen Ou a, O Bondye, se apa.
Egz 15:11 Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
14 Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.
Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
15 Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te Egz 6:6 rachte pèp Ou a,
fis a Jacob yo avèk Joseph.
Tan
16  Egz 14:21 Dlo yo te wè Ou, O Bondye.
Dlo yo te wè Ou.
Yo te nan gran doulè.
Anplis, fon yo te boulvèse.
17  Jij 5:4 Nwaj yo te vide gwo dlo.
Syèl yo te bay gwo kout loray.
Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.
18  Sòm 18:13 Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.
Loray yo te klere tout tè a.
Mond lan te tranble.
Li te souke.
19  És 51:10 Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men Egz 6:26Moïse avèk Aaron.
 

77:1 Sòm 3:4

77:2 Sòm 50:15

77:3 Sòm 61:2

77:4 Sòm 39:9

77:5 Det 32:7

77:6 Sòm 4:4

77:7 Sòm 85:1-5

77:8 II Pi 3:9

77:10 Sòm 44:2-3

77:11 Sòm 105:5

77:12 Sòm 145:5

77:13 Egz 15:11

77:15 Egz 6:6

77:16 Egz 14:21

77:17 Jij 5:4

77:18 Sòm 18:13

77:19 És 51:10

77:20 Egz 6:26