5
1 ✡ Egz 15:1Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a, e te di:
2 ✡ Jij 5:9“Akoz chèf yo te dirije Israël,
akoz ✡ Sòm 110:3pèp la te pran desizyon;
beni SENYÈ a!
3 “Tande O wa yo!
Bay zòrèy nou, O gran chèf yo!
✡ Sòm 27:6Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.
Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.
4 “SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir,
lè Ou te mache soti nan chan Édom an,
✡ Sòm 68:8-9 tè a te tranble e syèl la te fonn,
menm nwaj yo te degoute dlo.
5 ✡ Egz 19:18 Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a,
Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.
6 “Nan jou a ✡ Jij 3:31 Schamgar a, fis a Anath la,
nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone
e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.
7 Aktivite abitan yo te sispann,
yo te sispann an Israël, jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve.
Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.
8 ✡ Det 32:17Dye nèf yo te vin chwazi.
Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo.
Nanpwen nepe, nanpwen lans ki parèt pami karant-mil lòm an Israël yo?
9 Kè m anvè ✡ Jij 5:2chèf yo an Israël;
mesye ki parèt volontèman pami pèp la.
Beni SENYÈ a!
10 ✡ Jij 10:4 “Nou menm ki monte bourik blan yo,
nou menm ki chita sou tapi chè yo
ak nou menm ki vwayaje sou wout la——chante!
11 Lwen bwi achè yo
pami bann bèt yo ✡ Jen 24:11 kote y ap bwe dlo;
la yo va rakonte ✡ I Sam 12:7zèv ladwati a SENYÈ a;
zèv ladwati pou moun li yo an Israël.
“Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.
12 ✡ Sòm 57:8 ‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan!
Leve, Barak e fè sòti kaptif ou yo, O fis Abinoam nan’
13 “Sila ki chape anba lanmò yo te desann vè prens yo.
Pèp SENYÈ a te desann vè mwen kòm gèrye.
14 Ephraim nan soti ✡ Jij 12:15nan Amalek te desann;
yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a.
Soti nan Makir, kòmandan yo te desann
e soti nan Zabulon,
sila ki voye baton pouvwa yo,
15 epi prens a Issacar yo avèk Débora.
Tankou Issacar, konsa Barak.
Nan vale a, yo te plonje ✡ Jij 4:10dèyè talon li.
Pami divizyon a Ruben yo, kè yo te pran desizyon.
16 Poukisa nou chita pami ✡ Nonb 32:1-36pak mouton yo
pou tande kri a bann mouton yo?
Pami divizyon a tribi Ruben yo, te gen kè
ki manke pran desizyon.
17 ✡ Jos 22:9Galaad te rete lòtbò Jourdain an.
Poukisa Dan te rete nan bato yo?
Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?
18 Men ✡ Jij 4:6-10 Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo
jiska devan lanmò;
ak Nephtali tou, nan lye wo nan chan yo.
19 “Wa yo te vin pou te goumen;
Alò, wa Kananeyen yo te goumen ✡ Jij 1:27 kote Thaanac,
toupre dlo a Méguiddo yo.
✡ Jij 5:30Yo pa t pran piyaj an ajan.
20 ✡ Jos 10:12-14Zetwal yo te goumen soti nan syèl la,
soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.
21 Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale;
ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an.
O nanm mwen mache avanse ak fòs.
22 ✡ Job 39:19-25Epi zago cheval yo te bat akoz kous la;
kous a tout gwo zago sa yo.
23 ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a!
Modi pèp ki rete la a nèt;
✡ Jij 5:13akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont gèrye yo.’
24 ✡ Jij 4:19-21“Beni pase tout fanm yo se Jaël,
madanm Héber a, Kenyen an.
Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.
25 Li te mande dlo; li te ba li lèt.
Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.
26 Li te lonje men li pou pran pikèt la;
men dwat la pou mato ouvriye a.
Epi li te frape Sisera, li te kraze tèt li;
li te kraze fwontèn tèt li a.
27 Antre janm li yo, li te bese, li te tonbe;
kote gason an te bese; la, li te tonbe mò.
28 “Deyò fenèt la, fi a te gade e te twouble;
Manman Sisera te gade anndan treyi a.
‘Poukisa cha li a fè reta konsa?
Poukisa nou poko tande bwi a pye cheval cha li yo?
k ap frape atè a pou l rive?’
29 Demwazèl saj li yo ta reponn li;
Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li
30 ✡ Egz 15:9‘Èske se pa ke yo jwenn, e ke y ap divize piyaj la?
Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye;
pou Sisera, yon piyaj a bèl twal fonse,
piyaj a yon twal anbeli trese byen fen;
yon mendèv a très doub sou kou a piyajè a?’
31 ✡ Sòm 66:2“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri,
O SENYÈ; men, ke sila ki renmen Li yo
vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.”
Epi peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.