57
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
Paske nanm mwen kache nan Ou;
Epi nan ✡ Rt 2:12lonbraj a zèl Ou, mwen va
pran refij
Jiskaske destriksyon an fin pase.
2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
A Bondye ki ✡ Sòm 138:8acheve tout bagay pou mwen an.
3 Li va ✡ Sòm 18:16voye sòti nan syèl la pou sove mwen;
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an.
Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak
Verite li
4 Nanm mwen pami ✡ Sòm 35:17lyon yo;
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo,
Fis a lòm yo, dan yo se frenn ak flèch,
Epi lang yo se yon epe file.
5 ✡ Sòm 57:11Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou fèt sou tout latè.
6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube;
Yo te ✡ Sòm 7:15fouye yon fòs devan m;
Yo te tonbe nan mitan li.
Tan
7 ✡ Sòm 112:7Kè m kanpe fèm, O Bondye, kè m fèm;
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8 Leve, ✡ Sòm 16:9glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9 ✡ Sòm 108:3Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ,
pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10 Paske ✡ Sòm 36:5lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
Epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11 ✡ Sòm 57:5Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.