35
Yon Sòm David
Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo.
Goumen ak sila k ap Sòm 56:2goumen kont mwen yo.
Pran an men boukliye ak pwotèj la,
epi leve kon Sòm 44:26sekou mwen.
Anplis rale lans ak rach batay la pou
rankontre sila k ap kouri dèyè m yo.
Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere.
Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen
Vire do fè bak plen imiliyasyon.
Kite yo vin Sòm 83:13tankou pay nan van,
avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
Sòm 73:18Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan,
Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
Paske san koz, yo te kache Sòm 9:15pèlen yo pou mwen.
San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
Kite l I Tes 5:3fin detwi nèt san l pa konnen.
Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm.
Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
 
Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a.
Li va Sòm 9:14leve wo nan delivrans Li.
10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se Egz 15:11kilès ki tankou Ou menm?
Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo?
Wi, ak aflije e malere yo k ap soti
nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
11  Sòm 27:12Fo temwen sovaj yo leve.
Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
12 Yo Jr 18:20remèt mwen mal pou byen,
jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
 
13 Men pou mwen menm, lè yo te malad,
Sòm 69:11rad mwen te vin twal sak;
Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn,
epi lapriyè m te kontinye retounen
nan kè m.
14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen.
Mwen te Sòm 38:6koube ak gwo tristès,
tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
15 Men moman ke m te chape tonbe a,
yo te Ab 12rejwi, e te reyini yo ansanm.
San ke mwen pa menm konnen,
agresè sa yo te rasanble kont mwen.
Yo t ap chire m san rete.
16 Kon giyon vilgè, yo te Sòm 37:12fè konsi yo
ta mòde m ak dan yo.
17 SENYÈ, Hab 1:13jiskilè Ou va kontinye
gade bagay sa a konsa?
Sove nanm mwen kont ravaj yo,
Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
18 Mwen va Sòm 22:22bay Ou remèsiman nan gran asanble a.
Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
19 Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen.
Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
20 Paske yo pa pale lapè,
men yo divize pawòl nan Jr 9:7twonpe sila ki kalm nan peyi yo.
21 Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen.
Yo te di: Sòm 40:15 “Men li, men li, zye nou te wè l!”
22 Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans
O SENYÈ, Sòm 10:1pa rete lwen m.
23  Sòm 7:6Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen,
Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
24  Sòm 9:4Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou.
Pa kite yo rejwi sou mwen.
25 Pa kite yo di nan kè yo:
“Men konsa, men sa nou pi pito a!”
Pa kite yo di: “Nou gen tan Pwov 1:12fin vale li nèt!”
26 Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont.
Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
 
27 Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi.
Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo,
Li ki Sòm 147:11 pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou
avèk lwanj Ou tout lajounen.

35:1 Sòm 56:2

35:2 Sòm 44:26

35:5 Sòm 83:13

35:6 Sòm 73:18

35:7 Sòm 9:15

35:8 I Tes 5:3

35:9 Sòm 9:14

35:10 Egz 15:11

35:11 Sòm 27:12

35:12 Jr 18:20

35:13 Sòm 69:11

35:14 Sòm 38:6

35:15 Ab 12

35:16 Sòm 37:12

35:17 Hab 1:13

35:18 Sòm 22:22

35:20 Jr 9:7

35:21 Sòm 40:15

35:22 Sòm 10:1

35:23 Sòm 7:6

35:24 Sòm 9:4

35:25 Pwov 1:12

35:27 Sòm 147:11