147
Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se Sòm 33:1dous.
SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li Det 30:3ranmase egzile Israël yo.
Li geri sila ak Sòm 34:8kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li És 40:26bay non a yo tout.
Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
És 40:28Bon konprann Li an san limit nèt.
SENYÈ a bay Sòm 37:24soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
Sòm 33:2Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki Job 5:10founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
Li bay bèt la manje li,
ak Job 38:41jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li I Sam 16:7pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
Sòm 33:18sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te Sòm 37:26 beni fis ou yo anndan w.
14 Li Sòm 29:11fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 Li voye lòd Li sou latè.
Sòm 104:4Pawòl Li kouri byen vit.
16 Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye Job 38:29lawouze glase kon sann.
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan Job 37:9fredi Li a?
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè Sòm 107:25van Li soufle e dlo yo koule.
19 Li Det 33:3-4deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 Li Det 4:7-34pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!
 

147:1 Sòm 33:1

147:2 Det 30:3

147:3 Sòm 34:8

147:4 És 40:26

147:5 És 40:28

147:6 Sòm 37:24

147:7 Sòm 33:2

147:8 Job 5:10

147:9 Job 38:41

147:10 I Sam 16:7

147:11 Sòm 33:18

147:13 Sòm 37:26

147:14 Sòm 29:11

147:15 Sòm 104:4

147:16 Job 38:29

147:17 Job 37:9

147:18 Sòm 107:25

147:19 Det 33:3-4

147:20 Det 4:7-34