56
Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.
Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”
Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;
Nan goumen tout lajounen, li vin Sòm 17:9oprime mwen.
Lènmi m yo te foule mwen tout lajounen,
Paske yo anpil, sila ki goumen nan ògèy kont mwen yo.
Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
Nan Bondye, lwanj a pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Sòm 118:6Kisa lòm ka fè m?
Tout lajounen, yo II Pi 3:16tòde pawòl mwen yo.
Tout panse yo kont mwen se pou mal.
Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo.
Y ap Sòm 71:10tann pou rache lavi m.
Akoz mechanste sa a, Sòm 36:12jete yo deyò.
Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
Ou te byen konte tout egare mwen fè.
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo
nan boutèy Ou.
Èske yo tout pa ekri nan Mal 3:16liv Ou a?
Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan
jou ke m rele a.
Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
10 Nan Bondye, ma louwe Non li.
Nan SENYÈ a, ma louwe Non li.
11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
12  Sòm 50:14Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.
Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
13 Paske Ou te delivre nanm mwen
soti nan lanmò.
Ou te anpeche Sòm 116:8pye mwen glise tonbe,
pou m ta kab mache devan Bondye
nan limyè a moun vivan yo.

56:1 Sòm 17:9

56:4 Sòm 118:6

56:5 II Pi 3:16

56:6 Sòm 71:10

56:7 Sòm 36:12

56:8 Mal 3:16

56:12 Sòm 50:14

56:13 Sòm 116:8