3
Mat 11:10,14“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an e li va És 40:3 netwaye chemen an devan Mwen. Epi Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an; epi mesaje a akò a, nan sila nou pran plezi a, gade byen, Li ap vini,” pale SENYÈ dèzame yo. “Men se kilès k ap ka És 33:14sipòte jou vini Li an? Epi se kilès k ap ka kanpe lè Li vin parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a e se va tankou savon lave. Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan, Li va És 1:25pirifye fis a Levi yo e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati. Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon Sòm 51:17-19plezi pou SENYÈ a tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo.
“Epi Mwen va rapwoche nou vè jijman; epi Mwen va vin yon temwen byen rapid kont Det 18:10wangatè yo, kont moun Éz 22:9-11 adiltè yo ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ dèzame yo.
“Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen Nonb 23:19pa chanje; akoz sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt. Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo e nou pa t kenbe yo. Za 1:3Retounen vin jwenn Mwen e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’
“Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. Né 13:11,12 Nou vin Mal 2:2modi avèk malediksyon, paske nou ap vòlè Mwen, tout nasyon an nèt! 10  Lev 27:30Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche pou nou menm sila k ap Jl 1:4devore a, pou li pa detwi fwi latè yo; ni pye rezen an p ap jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
13 “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ 14 “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo e pou nou mache lamante devan SENYÈ dèzame yo? És 58:3 15 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’; non sèlman malfektè sila yo vin leve wo, yo menm tante Bondye, e yo Jr 7:10chape.’ ”
16 Answit, sila ki te Sòm 34:15gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; epi SENYÈ a te prete zòrèy Li, te tande e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo e ki te bay gwo respè a non Li yo. 17 “Epi yo va vin És 43:1 pou Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “nan jou ke M prepare posesyon Mwen an; epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta Sòm 103:13fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” 18 Konsa, nou va retounen pou Jen 18:25destenge antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye ak sila ki p ap sèvi Li.

3:1 Mat 11:10,14

3:1 És 40:3

3:2 És 33:14

3:3 És 1:25

3:4 Sòm 51:17-19

3:5 Det 18:10

3:5 Éz 22:9-11

3:6 Nonb 23:19

3:7 Za 1:3

3:8 Né 13:11,12

3:9 Mal 2:2

3:10 Lev 27:30

3:11 Jl 1:4

3:14 És 58:3

3:15 Jr 7:10

3:16 Sòm 34:15

3:17 És 43:1

3:17 Sòm 103:13

3:18 Jen 18:25