4
“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch. Sòm 21:9; És 9:18,19 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, II Sam 23:4; Jr 30:17 solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. Nou va Job 40:12foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.
Det 4:23“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.
“Gade byen, Mwen ap voye bannou Mat 11:14Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. Li va Luc 1:17tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin És 11:4 frape peyi a avèk yon malediksyon.”

4:1 Sòm 21:9; És 9:18,19

4:2 II Sam 23:4; Jr 30:17

4:3 Job 40:12

4:4 Det 4:23

4:5 Mat 11:14

4:6 Luc 1:17

4:6 És 11:4