9
Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete Mat 4:15-16 peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
Mat 4:16 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,
limyè va fonse briye sou yo;
És 26:15 Ou te fè pèp la grandi anpil;
Ou ogmante kè kontan yo.
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a És 14:4 sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi Mat 28:18 gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. Dan 2:44 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob
e li tonbe sou Israël.
Tout pèp la va konnen sa;
És 7:8-9 Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,
k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
10  Mal 1:4 “Brik yo fin tonbe,
men nou va rebati ak wòch taye;
bwa sikomò yo fin koupe,
men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo
advèsè ki sòti És 7:1-8 Retsin yo
e chofe ènmi yo,
12 Siryen lès yo ak II Kwo 28:18 Filisten lwès yo;
epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.
Malgre sa, kòlè Li p ap detounen
e men L va toujou lonje.
 
13 Sepandan, pèp la Jr 5:3p ap vire retounen
kote Sila ki te frape yo a,
ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni És 19:15 tèt ni ke sou Israël,
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
15 Tèt la se És 3:2-3 ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,
ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;
paske yo tout se malfektè ki san Bondye
e Mat 12:34 bouch yo tout ap pale nan foli.
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,
e men L toujou lonje.
 
18  Sòm 83:14 Paske mechanste brile tankou dife;
li manje ni pikan ni raje.
Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm
e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,
e se pèp la ki se lwil pou dife a.
Mi 7:2-6 Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;
yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.
Yo chak manje És 49:26 chè pwòp bra yo.
21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé
e ansanm, yo kont Juda.
És 5:25 Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen
e men Li toujou lonje.

9:1 Mat 4:15-16

9:2 Mat 4:16

9:3 És 26:15

9:4 És 14:4

9:6 Mat 28:18

9:7 Dan 2:44

9:9 És 7:8-9

9:10 Mal 1:4

9:11 És 7:1-8

9:12 II Kwo 28:18

9:13 Jr 5:3

9:14 És 19:15

9:15 És 3:2-3

9:17 Mat 12:34

9:18 Sòm 83:14

9:19 Mi 7:2-6

9:20 És 49:26

9:21 És 5:25