MALACHIE
1
1 ✡ És 13:1Revelasyon pawòl SENYÈ a bay Israël pa Malachie.
2 “Mwen ✡ Det 4:37renmen nou,” pale SENYÈ a.
Men ou di: “Nan kisa ou renmen nou an?”
“Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen; 3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te ✡ Jr 49:10,16-18fè mòn li yo vin yon kote dezole e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.” 4 Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, ✡ Jr 5:17 men nou va ✡ És 9:9,10retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; epi moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”
5 Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran! Menm lè se lwen lizyè Israël la!”✡ Sòm 35:27
6 “Yon fis ✡ Egz 20:12 onore papa li e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon ✡ Det 1:31 papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ dèzame yo a nou menm, O prèt ki meprize non Mwen yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’ 7 N ap ofri ✡ Lev 3:11manje ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’ 8 Epi lè nou ofri ✡ Jr 27:18 bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ dèzame yo.
9 Men koulye a, m ap priye nou pou nou mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? pale SENYÈ dèzame yo.✡ Jr 27:18
10 O ke te genyen youn nan nou pou ta ✡ És 1:13fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife san reyalize anyen sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ dèzame yo, “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l tou. 11 Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a ✡ Sòm 111:9non Mwen va ✡ És 66:18,19 gran pami nasyon yo e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri nan non Mwen; paske non Mwen va gran pami nasyon yo.” Pale SENYÈ dèzame yo. 12 “Men nou ap ✡ Mal 1:7pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’ 13 Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ dèzame yo: “epi nou te pote sa ke yo te pran nan ✡ Lev 6:4 vòlè, sa ki te ✡ Mal 1:8bwate ak sa ki te malad; konsa, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.
14 “Men malè pou sila k ap ✡ Trav 5:1-4 twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li; men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon ✡ Lev 22:18-20bèt ki gen defo; paske Mwen se yon gwo Wa,” Pale SENYÈ dèzame yo, “e non Mwen tèrib pami nasyon yo.”