27
Nan kòmansman règn wa II Wa 24:18-20Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di, Konsa SENYÈ a pale ak mwen: “Fè pou kont ou Jr 30:8lyen ak jouk e mete yo sou kou ou. Epi voye pawòl kote wa Jr 25:21-22Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a. Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo, “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo Det 9:29pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen. Koulye a, Mwen Jr 21:7te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li. Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.” ’ ”
“Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak Jr 24:10nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.
“Men pou nou menm, Egz 22:18pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’. 10 Paske pwofesi pa yo se Jr 23:25manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri. 11 Men nasyon a ki Jr 27:2-12bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
12 Mwen te pale pawòl tankou sila yo a Jr 27:3Sédécias, wa Juda a. Mwen te di l: “Mennen kou nou anba jouk a wa Babylone nan pou sèvi li ak pèp li a, e viv! 13 Poukisa nou va Pwov 8:36mouri, nou menm avèk pèp nou an, pa nepe, gwo grangou, ak ravaj bèt ki manje tout chan yo, kon SENYÈ a te pale a nasyon sa a ki refize sèvi wa Babylone nan? 14 Konsa, Jr 27:9pa koute pawòl a pwofèt k ap pale ak nou, k ap di: ‘Nou p ap oblije sèvi wa Babylone nan,’ paske y ap fè pwofesi manti a nou menm. 15 Paske Jr 23:21Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”
16 Apre, mwen te pale ak prèt yo e a tout pèp sa a. Mwen te di: “Konsa pale SENYÈ a: Pa koute pawòl a pwofèt nou yo ki fè pwofesi bannou ki di: ‘Gade byen, II Wa 24:13veso lakay SENYÈ yo va retounen rapid soti Babylone;’ paske yo fè pwofesi manti bannou. 17 Pa koute yo. Sèvi wa Babylone nan e viv! Poukisa vil sa a ta dwe Jr 7:34detwi nèt? 18 Men I Wa 18:24si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone. 19 Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan I Wa 7:15pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a, 20 ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè II Wa 24:12-16sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo. 21 Wi, se konsa SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, te pale konsènan veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo, 22 ‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va Esd 1:7-11mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’ ”

27:1 II Wa 24:18-20

27:2 Jr 30:8

27:3 Jr 25:21-22

27:5 Det 9:29

27:6 Jr 21:7

27:8 Jr 24:10

27:9 Egz 22:18

27:10 Jr 23:25

27:11 Jr 27:2-12

27:12 Jr 27:3

27:13 Pwov 8:36

27:14 Jr 27:9

27:15 Jr 23:21

27:16 II Wa 24:13

27:17 Jr 7:34

27:18 I Wa 18:24

27:19 I Wa 7:15

27:20 II Wa 24:12-16

27:22 Esd 1:7-11