8
Èske Pwov 1:20-21sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
Anlè Pwov 9:3-14wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
Akote Job 29:7pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
Pwov 1:22-32 Moun fou yo, vin konprann sajès!
Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, Pwov 23:16 y ap devwale bagay ki kòrèk.
Paske Sòm 37:30bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen Det 32:5kwochi oswa pèvès ladann yo.
Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki Pwov 3:13 jwenn konesans lan.
10 Pran Pwov 3:14-15konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 Paske, sajès Job 28:15-18pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
 
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn Pwov 1:4konesans ak bon sans.
13  Pwov 3:7Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
14  Pwov 1:25Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 Akoz mwen, II Kwo 1:10wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Pwov 2:4-5 Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18  Pwov 3:16Richès ak lonè avèk m;
richès k ap dire ak ladwati.
19 Fwi mwen Job 28:15pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab Pwov 24:4ranpli kès yo.
 
22 SENYÈ a te posede m Job 28:26-28nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23 Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, Jn 17:5 depi nan tan pi ansyen mond lan.
24 Lè potko gen Jen 1:2pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25  Job 15:7Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
26 pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
Job 26:10 Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras Job 38:6fondasyon tè a;
30 Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè Sòm 16:3kè kontan nan fis a lòm yo.
 
32 “Alò, pou sa, fis yo, Pwov 5:7koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33  Pwov 4:1Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34  Pwov 3:13-18Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, Pwov 21:6 renmen lanmò.”

8:1 Pwov 1:20-21

8:2 Pwov 9:3-14

8:3 Job 29:7

8:5 Pwov 1:22-32

8:6 Pwov 23:16

8:7 Sòm 37:30

8:8 Det 32:5

8:9 Pwov 3:13

8:10 Pwov 3:14-15

8:11 Job 28:15-18

8:12 Pwov 1:4

8:13 Pwov 3:7

8:14 Pwov 1:25

8:15 II Kwo 1:10

8:17 Pwov 2:4-5

8:18 Pwov 3:16

8:19 Job 28:15

8:21 Pwov 24:4

8:22 Job 28:26-28

8:23 Jn 17:5

8:24 Jen 1:2

8:25 Job 15:7

8:27 Job 26:10

8:29 Job 38:6

8:31 Sòm 16:3

8:32 Pwov 5:7

8:33 Pwov 4:1

8:34 Pwov 3:13-18

8:36 Pwov 21:6