II KWONIK YO
1
Alò I Wa 2:12-46Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
Salomon te pale a tout Israël, I Kwo 28:1a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo. Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan I Wa 3:4wo plas ki te Gabaon an; paske Egz 36:8tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la. Sepandan, David te gen tan mennen fè monte I Kwo 15:25-28lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem. Alò, Egz 31:9lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li. Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te I Wa 3:4ofri yon mil ofrann brile sou li.
I Wa 3:5-14Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou I Kwo 28:5te fè m wa nan plas li. Koulye a, O SENYÈ Bondye, II Sam 7:12-16Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè. 10  I Wa 3:9Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
11  I Wa 3:11Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a, 12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi I Kwo 29:25Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”
13  II Kwo 1:3Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël.
14  I Wa 10:26-29Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem. 15  I Wa 10:27Wa a te fè Det 17:17ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan. 16  Det 17:16Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue. 17 Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.

1:1 I Wa 2:12-46

1:2 I Kwo 28:1

1:3 I Wa 3:4

1:3 Egz 36:8

1:4 I Kwo 15:25-28

1:5 Egz 31:9

1:6 I Wa 3:4

1:7 I Wa 3:5-14

1:8 I Kwo 28:5

1:9 II Sam 7:12-16

1:10 I Wa 3:9

1:11 I Wa 3:11

1:12 I Kwo 29:25

1:13 II Kwo 1:3

1:14 I Wa 10:26-29

1:15 I Wa 10:27

1:15 Det 17:17

1:16 Det 17:16