24
Pa fè anvi a moun mechan,
ni dezire Sòm 1:1 pou avèk yo;
paske panse yo fòmante És 30:12vyolans
e lèv yo pale inikite.
Pwov 9:1Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
Pa konesans, chanm yon moun vin
Pwov 8:21ranpli avèk tout bèl kalite richès.
Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e Pwov 11:14ak konseye an abondans, gen viktwa.
Sajès Sòm 10:5twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
Yon moun ki fè plan pou fè mal,
moun va rele li magouyè.
Fòmante foli se peche,
e mokè a abominab a tout moun.
10 Si ou Det 20:8lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
11 Sòm 82:4Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,
ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.
O, kenbe yo!
12 Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;
èske Li pa Ekl 5:8konsidere sa, sila ki peze kè?
Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?
Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13 Fis mwen, manje Sòm 19:10siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 Konnen ke Pwov 2:10sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
15 Sòm 10:9-10Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,
kont kote ke moun dwat la rete a.
Pa detwi kote repo li a;
16 paske yon Job 5:19nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,
men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17 Job 31:29Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.
Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18 Oswa, SENYÈ a va wè l,
vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19 Sòm 37:1Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,
ni fè lanvi pou mechan yo,
20 paske pou yon nonm mechan, Job 15:31pa gen avni.
Lanp a mechan an va etenn nèt.
21 Fis mwen an, Wo 13:1-7gen lakrent SENYÈ a ak wa a;
pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22 paske, Pwov 24:16malè yo va leve vit.
Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
 
23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:
 
Pwov 18:5 patipri nan jijman pa bon.
24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,
Pwov 11:26 pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
25 men pou Pwov 28:23sila ki repwoche mechan yo,
l ap wale byen ak yo.
Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
27 Prepare tout travay ou a deyò;
byen prepare chan ou.
Apre, alò, bati kay ou.
28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,
e Lev 6:2-3pa bay manti ak lèv ou.
29 Pwov 20:22Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;
mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
30 Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke Pwov 6:22bon konprann nan.
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
És 5:5 Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 Pwov 6:10“Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi ak zam.

24:1 Sòm 1:1

24:2 És 30:12

24:3 Pwov 9:1

24:4 Pwov 8:21

24:6 Pwov 11:14

24:7 Sòm 10:5

24:10 Det 20:8

24:11 Sòm 82:4

24:12 Ekl 5:8

24:13 Sòm 19:10

24:14 Pwov 2:10

24:15 Sòm 10:9-10

24:16 Job 5:19

24:17 Job 31:29

24:19 Sòm 37:1

24:20 Job 15:31

24:21 Wo 13:1-7

24:22 Pwov 24:16

24:23 Pwov 18:5

24:24 Pwov 11:26

24:25 Pwov 28:23

24:28 Lev 6:2-3

24:29 Pwov 20:22

24:30 Pwov 6:22

24:31 És 5:5

24:33 Pwov 6:10