6
Fis mwen an, si ou devni Pwov 11:15garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
Pa kite Sòm 132:4dòmi tonbe nan zye ou,
ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,
oswa Sòm 91:3zwazo a nan pelen moun lachas la.
 
Ale kote Pwov 30:24-25foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
Li menm, Pwov 30:27 san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
kon prepare manje li Pwov 10:5nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10  Pwov 24:33Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11  Pwov 24:34mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
 
12 Yon sanzave, yon moun mechan
se sila ki mache ak yon Pwov 4:24 bouch pèvès,
13 ki Job 15:12bat zye li, ki fè siy ak pye li,
ki pwente ak dwèt li;
14 ki avèk pèvèsite nan kè l
fè tout tan sa ki mal,
ki Pwov 6:19 gaye konfli.
15 Pou sa, Pwov 24:22malè li va parèt sibitman;
nan yon enstan li va kase nèt;
e li p ap gen gerizon ditou.
 
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, Sòm 31:18yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
Pwov 1:16 pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon Sòm 27:1fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
 
20  Ef 6:1Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21  Pwov 3:3Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
22 Lè ou Pwov 3:23mache toupatou, yo va gide ou.
Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.
Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23 Paske Sòm 19:8kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24 pou Pwov 5:3anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25  Mat 5:28Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.
27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
29 Se konsa li ye ak yon nonm ki
Éz 18:6antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
30 Pèsòn pa meprize yon vòlè
kap vòlè pou l kab Job 38:39satisfè grangou.
31 Men si pa aza, li jwenn li, la oblije
Egz 22:1-4repeye li sèt fwa.
Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, Pwov 7:22-23 detwi pwòp nanm li.
33 L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
34 Paske Pwov 27:4jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.

6:1 Pwov 11:15

6:4 Sòm 132:4

6:5 Sòm 91:3

6:6 Pwov 30:24-25

6:7 Pwov 30:27

6:8 Pwov 10:5

6:10 Pwov 24:33

6:11 Pwov 24:34

6:12 Pwov 4:24

6:13 Job 15:12

6:14 Pwov 6:19

6:15 Pwov 24:22

6:17 Sòm 31:18

6:18 Pwov 1:16

6:19 Sòm 27:1

6:20 Ef 6:1

6:21 Pwov 3:3

6:22 Pwov 3:23

6:23 Sòm 19:8

6:24 Pwov 5:3

6:25 Mat 5:28

6:29 Éz 18:6

6:30 Job 38:39

6:31 Egz 22:1-4

6:32 Pwov 7:22-23

6:34 Pwov 27:4