91
Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze
nan Sòm 17:8lonbraj Toupwisan an.
Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete Sòm 25:2konfyans!”
Paske se Li menm ki delivre ou
soti nan pèlen a chasè a, ak I Wa 8:37 ravaj
gwo maladi yo.
Li va És 51:16 kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
Ou p ap pè laperèz lannwit, ni Sòm 64:4flèch
k ap vole lajounen,
ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men Jen 7:23 sa p ap pwoche ou.
Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
Sòm 37:34 wè rekonpans a mechan yo.
Paske ou te fè SENYÈ a, vin Sòm 91:2 sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10  Pwov 12:21 Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay Sòm 34:7 zanj Li yo lòd
konsènan ou menm, pou veye ou
nan tout chemen ou yo.
12 Yo va Mat 4:6 leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13 Ou va Jij 14:6 pile lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14 Paske li te renmen Mwen,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va Sòm 59:1 mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va Job 12:4 fè apèl non Mwen e Mwen
va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.

91:1 Sòm 17:8

91:2 Sòm 25:2

91:3 I Wa 8:37

91:4 És 51:16

91:5 Sòm 64:4

91:7 Jen 7:23

91:8 Sòm 37:34

91:9 Sòm 91:2

91:10 Pwov 12:21

91:11 Sòm 34:7

91:12 Mat 4:6

91:13 Jij 14:6

91:14 Sòm 59:1

91:15 Job 12:4