17
Yon Priyè a David
Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.
Prete zòrèy a lapriyè mwen,
ki pa sòti nan És 29:13lèv k ap twonpe moun.
Kite Sòm 103:6pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;
Kite zye Ou gade avèk jistis.
Ou te teste kè m.
Ou te vizite mwen pandan lannwit.
Ou te I Pi 1:7sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.
Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Alò, pou zèv a lòm yo, Sòm 119:9selon pawòl a lèv Ou yo,
Mwen te evite chemen a vyolan yo.
Job 23:11Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.
Pye mwen pat janm glise.
Mwen Sòm 86:7te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.
Enkline zòrèy W bò kote m.
Tande pawòl mwen yo.
Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,
O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
Kenbe m tankou Det 32:10de zye nan tèt Ou.
Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
kont mechan ki depouye m yo,
Sòm 31:20lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
10 Yo fin fèmen kè rèd yo.
Job 15:27Avèk bouch yo, yo pale awogans.
11 Koulye a, yo fin Sòm 88:17antoure nou pandan n ap mache.
Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
12 Se tankou yon lyon ki anvi devore,
tankou yon jenn lyon k ap Sòm 10:9 kache
nan fènwa.
13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;
Delivre nanm mwen de mechan yo avèk Sòm 22:20 nepe Ou,
14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,
depi nan men lòm de mond sa yo,
Sòm 73:3-7k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.
Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.
Fis ou yo gen kont,
e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
15 Pou mwen menm, mwen va Sòm 11:7wè figi Ou nan ladwati a;
mwen va satisfè avèk vizaj Ou
lè m ouvri zye m.

17:1 És 29:13

17:2 Sòm 103:6

17:3 I Pi 1:7

17:4 Sòm 119:9

17:5 Job 23:11

17:6 Sòm 86:7

17:8 Det 32:10

17:9 Sòm 31:20

17:10 Job 15:27

17:11 Sòm 88:17

17:12 Sòm 10:9

17:13 Sòm 22:20

17:14 Sòm 73:3-7

17:15 Sòm 11:7