23
1 Alò, Job te reponn:
2 Menm jodi a, ✡ Job 7:11plent mwen yo se rebelyon.
Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3 O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,
pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4 Mwen ta ✡ Job 13:18prezante ka m nan devan L,
e plen bouch mwen ak diskou yo.
5 Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo
e apèsi sa Li ta di m.
6 Èske Li ta sèvi ✡ Job 9:4gran fòs Li pou goumen ak mwen?
Non, anverite, Li ta koute mwen.
7 La, moun ladwati yo ta ✡ Job 13:3rezone avè L;
epi mwen ta ✡ Job 23:10 delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
8 Men gade, mwen fè avan, men Li pa la,
e mwen fè bak, men mwen ✡ Job 9:11pa kab twouve Li.
9 Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li;
Li vire adwat, mwen pa wè L.
10 Men Li konnen chemen ke m pran an;
Li fè m ✡ Za 13:9pase a leprèv e mwen va sòti tankou lo.
11 Pye m te ✡ Job 31:7kenbe fèm a pa Li;
mwen te kenbe chemen Li an e mwen pa t vire akote.
12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo;
mwen te kenbe ✡ Job 6:10pawòl a bouch Li kon pi presye
pase manje ki fè m gen fòs la.
13 Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li?
Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
14 Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an,
e anpil dekrè konsa rete avè L.
15 Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li;
lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16 Se Bondye ki fè ✡ Det 20:3kè m sote, e se Toupwisan an
ki deranje m konsa,
17 Men se pa fènwa a ki pou ta fè m ✡ Job 10:18-19sispann pale,
ni ✡ Job 19:8 gran tristès k ap kouvri m nan.