51
“Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a,
k ap Sòm 94:15chache SENYÈ a:
Gade vè wòch sou sila nou te taye a,
vè min wòch kote nou te retire a.
Gade vè És 29:22Abraham, papa nou an
ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant.
Lè li te yon sèl, Mwen te rele li,
Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;
Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.
Epi savann li yo te fèt sanble ak Jen 2:8Éden,
e dezè yo tankou jaden Senyè a.
Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo;
remèsiman ak son melodi chanson.
 
“Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an
e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an;
paske yon lwa va sòti nan Mwen
e Mwen va És 1:27poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.
És 46:13Ladwati Mwen toupre a.
Sali Mwen te voye deyò.
Se bra M kap jije pèp yo.
Peyi kot yo va tann Mwen,
e bra M va jije pèp yo.
Leve zye nou vè syèl la
e gade anba vè latè;
paske syèl la va disparèt tankou lafimen;
Sòm 102:25-26latè va epwize tankou yon vètman.
Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;
men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,
e ladwati Mwen p ap janm sispann.
 
“Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati,
yon pèp ki gen lalwa M nan Sòm 37:31kè yo.
Pa pè repwòch a lòm,
ni dekouraje lè y ap meprize nou.
Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman,
e És 14:11mit va manje yo tankou len.
Men ladwati Mwen va jis pou tout tan,
e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
 
“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a;
leve tankou nan jou lansyen yo.
Job 26:12Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a,
ki te frennen dragon an nèt la?
10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a,
dlo yo a gran fon an;
ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen
pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?
11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;
vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.
Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.
Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,
e És 60:19tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.
 
12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki És 51:3bannou konsolasyon an.
Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri,
ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?
13 Èske ou te Det 6:12bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a,
ki te rale ouvri syèl yo
e te poze fondasyon latè yo?
Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a,
pandan l ap prepare pou detwi?
Men ki kote kòlè opresè sila a?
14 Toutalè És 48:20egzile a va libere.
Li p ap mouri nan kacho a,
ni li p ap manke pen.
15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a,
ki fè Sòm 107:25boulvèse lanmè a,
Ki fè lanm li yo gwonde.
SENYÈ dèzame yo se non Li.
16 Mwen te Det 18:18mete pawòl Mwen nan bouch ou
e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen,
pou etabli syèl yo, fonde latè a
e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’ ”
 
17  És 51:9Leve ou menm! Leve ou menm!
Kanpe, O Jérusalem!
Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li.
Gode ki pou fè ou kilbite a,
ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
18  Sòm 88:18Nanpwen moun ki pou gide fi a
pami tout fis li te fè yo,
ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen
pami tout fis li te leve yo.
19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou—
se kilès ki va kriye pou ou?—
És 8:21devastasyon ak destriksyon,
gwo grangou, ak nepe.
Kijan pou m ta konsole ou?
20 Fis ou yo vin endispoze;
yo kouche atè sou pwent a chak ri,
tankou antilòp ki kenbe nan pèlen.
Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a,
ak És 66:15repwòch Bondye ou a.
 
21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki És 54:11aflije,
ki sou, men pa avèk diven:
22 Konsa pale Senyè ou a,
SENYÈ a, menm Bondye ou,
ki pran plede kòz pou pèp Li a:
“Gade byen, Mwen te retire És 51:17tas kilbite a,
gode kòlè Mwen an soti nan men ou;
ou p ap janm bwè l ankò.
23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo,
ki te di nanm ou: Jos 10:24 ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’.
Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a;
tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”

51:1 Sòm 94:15

51:2 És 29:22

51:3 Jen 2:8

51:4 És 1:27

51:5 És 46:13

51:6 Sòm 102:25-26

51:7 Sòm 37:31

51:8 És 14:11

51:9 Job 26:12

51:11 És 60:19

51:12 És 51:3

51:13 Det 6:12

51:14 És 48:20

51:15 Sòm 107:25

51:16 Det 18:18

51:17 És 51:9

51:18 Sòm 88:18

51:19 És 8:21

51:20 És 66:15

51:21 És 54:11

51:22 És 51:17

51:23 Jos 10:24