52
És 51:9-17Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo
p ap antre kote ou a ankò.
Souke leve kò ou És 29:4sòti nan pousyè a,
O kaptif Jérusalem nan!
Retire chenn sa yo nan kou ou,
O fi kaptif a Sion an.
 
Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi
e ou va És 1:27rachte san vèse lajan.”
 
Paske konsa pale SENYÈ a:
“Pèp Mwen an nan kòmansman,
Jen 46:6te desann an Égypte pou rezide la,
epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”
Ankò deklare SENYÈ a:
“Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen,
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,
e Éz 36:20-23non Mwen blasfeme tout lajounen,
pou sa, pèp Mwen an va És 49:23konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
 
A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote És 40:9bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
Gadyen ou yo leve És 62:6vwa yo.
Yo rele fò ak kè kontan ansanm;
paske yo va wè ak pwòp zye yo
lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li te És 43:1rachte Jérusalem.
10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.
És 45:22Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
 
11  És 48:20Sòti! Sòti! Kite kote sa a!
Pa touche anyen ki pa pwòp!
Sòti nan mitan li!
Vin pirifye nou menm!
Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
12 Nou p ap kite ak gran vites,
ni nou p ap kouri devan moun;
paske És 26:7SENYÈ a va ale devan nou
e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
 
13 Gade byen, És 42:1sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.
Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou—
konsa És 53:2-3aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,
e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;
paske Wo 15:21sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,
e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.

52:1 És 51:9-17

52:2 És 29:4

52:3 És 1:27

52:4 Jen 46:6

52:5 Éz 36:20-23

52:6 És 49:23

52:7 És 40:9

52:8 És 62:6

52:9 És 43:1

52:10 És 45:22

52:11 És 48:20

52:12 És 26:7

52:13 És 42:1

52:14 És 53:2-3

52:15 Wo 15:21