53
1 ✡ Jn 12:38Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?
Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
2 Paske Li te grandi devan nou kon yon ✡ És 11:1boujon vèt
e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.
Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste
pou nou ta gade sou Li,
ni aparans pou nou ta atire a Li.
3 Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin ✡ Mc 10:33meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4 Anverite, se doulè nou yo Li te ✡ Mat 8:17pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
Frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou ✡ I Pi 2:24-25inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo,
nou te jwenn gerizon.
6 Nou tout kon mouton te pèdi chemen nou yo.
Chak nan nou fin antre nan pwòp chemen pa li,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
7 Li te vin oprime e aflije;
malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.
✡ Trav 8:32-33Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,
e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila
k ap taye lenn li yo,
konsa Li pa t ouvri bouch Li.
8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.
Selon jenerasyon Li,
yo te konsidere Li te koupe retire nèt
nan peyi a vivan yo,
ke Li te kraze ✡ És 55:5-12 akoz peche a pèp Mwen yo.
9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,
men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,
malgre Li pa t fè okenn vyolans,
ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
10 Men SENYÈ a te kontan ✡ És 53:5brize Li;
pou mete Li nan gwo soufrans,
pou ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite.
Li va wè desandan Li yo;
Li va pwolonje jou Li yo
e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
11 Apre gwo doulè nanm Li an,
Li va ✡ Jn 10:14-18wè limyè a,
e li va satisfè.
Avèk konesans Li, Sèvitè Dwat Mwen an
va jistifye anpil moun,
akoz li pote inikite yo.
12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo.
Li va divize piyaj ak moun pwisan yo,
akoz Li te livre ✡ Mat 26:38-42tèt Li menm a lanmò
e Li te konte avèk malfektè yo;
malgre Li pou kont Li, te pote peche a anpil moun
e te entèsede pou koupab yo.