55
“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!
Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.
Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,
ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?
Koute Mwen avèk atansyon, Sòm 22:26manje sa ki bon
e pran plezi nou an abondans.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.
Koute pou nou ka viv.
Trav 13:34Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,
selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
Gade byen, Mwen te bay Sòm 18:43li kon yon temwen a pèp la,
yon chèf ak kòmandè pou pèp la.
Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;
yon nasyon ki pa rekonèt ou va Za 8:22kouri bò kote ou,
akoz SENYÈ Bondye ou a,
ak Sila Ki Sen an Israël la;
paske Li te bay ou glwa.”
 
Sòm 32:6Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
És 1:16-19Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
 
“Paske, panse pa Mwen yo se pa És 65:2panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
Paske Sòm 103:11tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay II Kwo 9:10semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li És 44:26p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
12 Paske ou va sòti ak Sòm 105:43kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;
olye És 5:6machacha, bwa jasmen va leve.
Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,
kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.

55:2 Sòm 22:26

55:3 Trav 13:34

55:4 Sòm 18:43

55:5 Za 8:22

55:6 Sòm 32:6

55:7 És 1:16-19

55:8 És 65:2

55:9 Sòm 103:11

55:10 II Kwo 9:10

55:11 És 44:26

55:12 Sòm 105:43

55:13 És 5:6