11
 1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a  
e yon ✡Rev 5:5 branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.   
 2 ✡És 42:1Lespri SENYÈ a va poze sou Li,  
lespri a sajès ak bon konprann,  
lespri a konsèy ak pwisans lan,  
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.   
 3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.  
Li p ap jije selon sa ke zye l ✡Jn 2:25wè,  
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;   
 4 men ak ✡És 9:7ladwati, Li va jije malere yo,  
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.  
Li va frape tè a ak baton bouch Li,  
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.   
 5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li  
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.   
 6 ✡És 65:25Lou a va demere ak jèn mouton an,  
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,  
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;  
epi yon tigason va mennen yo.   
 7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;  
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.   
 8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,  
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.   
 9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,  
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,  
tankou dlo kouvri lanmè a.   
 10 Nan jou sa a, ✡Luc 2:32nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.   
 11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie ✡És 19:21-22 Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.   12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, ✡És 56:8rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.   13 ✡És 9:21Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.   14 Yo va ✡Jr 48:40desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.   15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou ✡És 7:20rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk.   16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël ✡Egz 14:26-29 nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.