7
Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo És 7:6-7pa t ka genyen l. Lè rapò a te rive kote És 7:13lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent II Wa 18:17kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk Am 4:11sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. Paske És 7:2Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” Konsa pale Senyè BONDYE a: És 8:10“Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” Paske tèt Syrie a se Jen 14:15Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. II Kwo 20:20Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’ ”
10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: 11 “Mande yon II Wa 19:29sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”
12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a És 25:1 Bondye mwen an tou? 14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon Mat 1:23vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li És 8:8-10 Emmanuel. 15 Li va manje És 7:22bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. 16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, És 8:14 peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. 17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke I Wa 12:16Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan És 13:5 kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. 19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou És 2:19ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
20 Nan jou sa a, SENYÈ a va II Wa 18:13-16raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn És 14:30gazèl bèf ak yon pè mouton. 22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè És 8:15bòl lèt ak siwo myèl la.
23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke És 5:10tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. 24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. 25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou És 5:17 pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”

7:1 És 7:6-7

7:2 És 7:13

7:3 II Wa 18:17

7:4 Am 4:11

7:5 És 7:2

7:7 És 8:10

7:8 Jen 14:15

7:9 II Kwo 20:20

7:11 II Wa 19:29

7:13 És 25:1

7:14 Mat 1:23

7:14 És 8:8-10

7:15 És 7:22

7:16 És 8:14

7:17 I Wa 12:16

7:18 És 13:5

7:19 És 2:19

7:20 II Wa 18:13-16

7:21 És 14:30

7:22 És 8:15

7:23 És 5:10

7:25 És 5:17