4
1 Tande pawòl sa a, nou menm, vach a ✡ Sòm 22:12 Basan ki rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere e kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote yon bagay koulye a pou nou ka bwè!”
2 Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li:
“Gade byen, jou yo ap vini sou nou,
lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann,
e dènye bout nan nou ak gaf pwason.✡ És 37:29; Jr 16:16
3 Nou va ✡ Jr 52:7sòti atravè brèch miray yo,
nou chak tou dwat devan li a,
e nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
4 “Antre nan Béthel pou fè transgresyon;
nan Guilgal pou miltipliye transgresyon!
✡ Nonb 28:3Pote sakrifis nou yo chak maten,
dim nou yo chak twa jou.
5 Ofri yon ✡ Lev 7:13 ofrann remèsiman sitou sa
ki gen ledven ladan yo,
epi pwoklame ✡ Lev 22:18-21ofrann bòn volonte yo;
fè moun konnen yo!
Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,
fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
6 “Men Mwen te bay nou anplis, ✡ És 3:1dan netwaye
nan tout vil nou yo,
ak mank pen tout kote.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
Deklare SENYÈ a.
7 Anplis de sa, Mwen te ✡ Det 11:17fè lapli sispann
pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.
Answit, Mwen te voye lapli nan yon vil e
refize li nan yon lòt;
yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t
resevwa lapli a te vin seche.
8 Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan
yon lòt pou bwè ✡ I Wa 18:5 dlo, men yo pa t satisfè;
malgre sa, nou ✡ Jr 3:7pa t retounen vin jwenn Mwen,
deklare SENYÈ a.
9 Mwen te ✡ Det 28:22 frape nou ak van cho, ak lakanni;
epi ✡ Jl 1:4,7cheni te devore jaden ak chan
rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou
tankou sa ki te konn rive an Égypte yo;
mwen te ✡ Jr 11:22 touye jenn mesye nou yo ak nepe
ansanm ak cheval kaptire nou yo
e Mwen te fè ✡ Jl 2:20movèz odè monte antre
nan nen nou;
malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
11 “Mwen te boulvèse nou nèt, jan ✡ Jen 19:24,25; So 3:2Bondye
te boulvèse Sodome ak Gomorrhe
e nou te tankou yon bout bwa byen cho
ki te rache soti nan dife.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
12 Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou,
O Israël!
Paske se sa Mwen va fè ou;
prepare pou ✡ És 32:11 rankontre Bondye ou a, O! Israël.
13 Paske gade byen, Sila ki ✡ Job 38:4-7 fòme mòn yo, ki
kreye van an
e ki ✡ Dan 2:28,30deklare a lòm tout refleksyon li yo;
Sila ki fè jou leve nan fènwa a e ki
foule wo plas sou latè yo;
SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.