11
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: “Koute pawòl a Egz 19:5akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo; epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Det 27:26“Modi se nonm ki pa okipe pawòl a akò sila a, ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan Det 4:20founo fè a’ e te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou; epi konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ pou m ka konfime Egz 13:5sèman ke M te fè a papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.” ’ ”
Epi Mwen te di: “Amen O SENYÈ”. Epi SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil a Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, epi di: ‘ Jn 13:17Tande pawòl a akò sa a pou ‘Paske Mwen te I Sam 8:9avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen; men te mache yo chak selon tèt di a kè mechan yo; akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout Lev 26:14-43pawòl a akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’ ”
Epi SENYÈ a te di m: “Yon Éz 22:25konplo vin dekouvri pami mesye Juda yo e pami moun ki rete Jérusalem yo. 10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo e yo Jij 2:11-13te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo; lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò, ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap II Wa 22:16mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va Det 32:37ale kriye bay dye ke yo brile lansan bay yo a; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl ke nou te plase Jr 3:24a gwo wont sa yo, pou brile lansan bay Baal yo.
14 Akoz sa, pa priye pou pèp sa a, ni leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen Jr 3:24p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo. 15 Ki dwa Jr 13:27Byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an lè l fin fè anpil move zak yo? Èske chè a sakrifis ta ka anpeche dega rive ou, pou ou ka rejwi? 16 SENYÈ a te rele non ou: “Bwa doliv, byen bèl nan fwi ak fòm”; ak Sòm 83:2bri a yon gwo zen, li te limen dife sou li e branch li yo vin san valè.
17 SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a, ke yo te fè pou pwovoke Mwen ak Jr 7:9ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
18 Anplis, SENYÈ a te I Sam 23:11-12fè m konprann e mwen te konnen li; epi Ou te montre m zak yo. 19 Men mwen te tankou yon És 53:7jenn mouton dou k ap mennen labatwa; epi mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; “Annou detwi bwa ak fwi li a e annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo, pou non li pa sonje ankò.” 20 Men O SENYÈ dèzame yo, ki Jen 18:25fè jijman ki dwat la, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye koz mwen an.
21 Akoz sa, pale SENYÈ a selon mesye Jr 1:1Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”; 22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! II Kwo 36:17Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou; 23 Menm yon retay Jr 6:9p ap rete pou yo; paske Mwen va mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo——ane a pinisyon pa yo.”

11:2 Egz 19:5

11:3 Det 27:26

11:4 Det 4:20

11:5 Egz 13:5

11:6 Jn 13:17

11:7 I Sam 8:9

11:8 Lev 26:14-43

11:9 Éz 22:25

11:10 Jij 2:11-13

11:11 II Wa 22:16

11:12 Det 32:37

11:13 Jr 3:24

11:14 Jr 3:24

11:15 Jr 13:27

11:16 Sòm 83:2

11:17 Jr 7:9

11:18 I Sam 23:11-12

11:19 És 53:7

11:20 Jen 18:25

11:21 Jr 1:1

11:22 II Kwo 36:17

11:23 Jr 6:9