23
Alò, yo te pale David. Yo te di: “Gade byen, Filisten yo ap goumen kont Jos 15:44Keïla. Y ap piyaje grenn jaden sou glasi yo.”
Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?”
Epi SENYÈ a te reponn David: I Sam 23:4-12“Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”
Men mesye David yo te di li: “Gade byen, nou nan perèz menm isit la nan Juda. Konbyen anplis, si nou ale Keïla kont chan Filisten yo?”
Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Jos 8:7Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.
Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te I Sam 22:20sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.
Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.” Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo. Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a I Sam 22:20Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.” 10 Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm. 11 Èske mesye Keïla yo va livre mwen nan men li? Èske Saül va desann tankou sèvitè ou te tande a? O SENYÈ, Bondye Israël la, mwen priye, pale ak sèvitè ou a.”
Epi SENYÈ a te di: “Li va desann.”
12 Konsa, David te di: “Èske mesye Keïla yo va livre mwen avèk mesye pa mwen yo nan men Saül?”
SENYÈ a te reponn: Jij 15:10-13“Yo va livre ou.”
13 Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale II Sam 15:20 nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li. 14 David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Sòm 32:7Bondye pa t livre li nan men li. 15 Alò, David te vin konprann ke Saül te parèt deyò pou chache lavi li pandan David te nan dezè Ziph la nan Horès.
16 Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te I Sam 30:6ankouraje li nan Bondye. 17 Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.” 18 Konsa, I Sam 20:12-42yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.
19 Epi I Sam 26:1Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an? 20 Alò, koulye a, O wa, desann selon tout volonte nanm ou ta vle fè. Epi pou I Sam 23:12pati pa nou an, nou va livre li nan men a wa a.”
21 Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, I Sam 22:8paske ou te gen kè sansib anvè mwen. 22 Ale, koulye a, fè byensi e fè ankèt pou wè kote li mete pye li ak sila ki konn wè li la yo; paske yo di m ke li rize anpil. 23 Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.”
24 Epi yo te leve ale Ziph devan Saül. Alò, David avèk mesye pa li yo te nan dezè Jos 15:55Maon, nan Araba akote sid a Jeschimon. 25 Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an. 26 Saül te ale yon bò mòn nan, David avèk mesye pa l sou lòt kote mòn nan. Epi David t ap fè vit pou chape kite Saül, paske Saül avèk mesye pa li yo Sòm 17:9t ap antoure David avèk mesye pa li yo pou yo ta sezi yo. 27 Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.” 28 Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a.
29 David te monte soti la a pou te rete nan fòterès Jos 15:62En-Guédi yo.

23:1 Jos 15:44

23:2 I Sam 23:4-12

23:4 Jos 8:7

23:6 I Sam 22:20

23:9 I Sam 22:20

23:12 Jij 15:10-13

23:13 II Sam 15:20

23:14 Sòm 32:7

23:16 I Sam 30:6

23:18 I Sam 20:12-42

23:19 I Sam 26:1

23:20 I Sam 23:12

23:21 I Sam 22:8

23:24 Jos 15:55

23:26 Sòm 17:9

23:29 Jos 15:62