83
Yon Chan. Yon Sòm Asaph
1 O Bondye, ✡ Sòm 28:1 pa rete an silans;
Pa fè silans, O Bondye e
Pa rete trankil.
2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen e
sila ki rayi Ou yo te leve tèt yo menm byen wo.
3 Yo fè plan malen kont pèp Ou a e
fè konplo ansanm kont sila
ki se trezò
4 Yo te di: “Vini, ✡ Est 3:6 annou disparèt yo nèt
kon nasyon,
Pou non Israël la pa sonje ankò menm.”
5 Paske yo te ✡ Sòm 2:2 fè konplo ansanm ak yon sèl panse;
Kont Ou menm, yo fè yon akò:
6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak
Agarenyen yo,
7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk
pèp Tyr yo;
8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,
yo te prete lamen a ✡ Det 2:9 pitit a Lot yo.
Tan
9 Aji avèk yo ✡ Jij 7:1-24 tankou Madian, tankou avèk
Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!
10 Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te ✡ So 1:17 vin
tankou fimye sou latè.
11 Fè tout chèf yo tankou
Oreb avèk Zeeb e tout prens yo
tankou ✡ Jij 8:12-21 Zébach avèk Tsalmunna,
12 Ki te di: ✡ II Kwo 20:11 “Annou vin posede patiraj
Bondye yo pou kont nou.”
13 O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!
Tankou pay devan van!
14 Tankou ✡ És 9:18 dife ki brile forè a, ak flanm ki
Limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.
15 Konsa, kouri dèyè yo ✡ Job 9:17 avèk tanpèt Ou e
teworize yo ak gwo siklòn Ou.
16 ✡ Job 10:15 Plen figi yo ak gwo wont,
Pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.
17 Kite yo vin ✡ Sòm 35:4 wont e dekouraje jis pou tout tan,
kite yo imilye e peri,
18 Pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl
ki pote non “Bondye”,
✡ Sòm 9:2 Pi Wo sou tout tè a.